Rechercher sur ce blogue
Haiti Tchala est une plateforme collaborative destinée à promouvoir la jeunesse haitienne. Pour publier vos textes, vos opinions et vos analyses, écrivez nous à haititchala@gmail.com et bénéficiez d'une promotion gratuite. VWA TOUT MOUN KONTE !
En vedette
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Ant tirè; - trèdinyon; - epi siy mwens: yon meli-melo — tèt chaje — Akademi Kreyòl Ayisyen an.
Ant tirè; - trèdinyon; - epi siy mwens: yon meli-melo — tèt chaje — Akademi Kreyòl Ayisyen an.
Entwodiksyon
Nouvo rezolisyon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an:
Dispozisyon 17
Nouvo rezolisyon Akademi Kreyòl Ayisyen an pwovoke yon
gwo kantite deba ki mete aksan sou “ pwoblèm enpòtan ki gen rapò ak òtograf, chwa alfabè a ansanm ak grafèm yo nan
Kreyòl ayisyen. Sepandan, nou remake deba yo pa pote anpil atansyon sou
aranjman tipografik yo patikilyèman nan dispozisyon 17 la. Nan yon atik manch
lonng li reyalize sou rezolisyon AKA 2023 a, Degraff (2023), fè konnen
dispozisyon 17 la finalman, se sèl seksyon nan EsÒKA ki pa soulve gwo
pwoblèm analiz. Menm si apre sa li pral kritike yon pwen espesifik konsènan
« yatis » yo nan lanng nan. Pati final rezolisyon sa a ki rele
"Dispozisyon 17", gade espesyalman itilizasyon "tirè" yo.
Akademi an fè efò pou li ilistre divès kalite itilizasyon sa li rele, san li pa
defini, "tirè" a. Menm si se vre gendwa pa gen anpil deba sou aspè
lengwistik dispozisyon an, li enpòtan pou nou souliyen kèk ti defo li ta ka
genyen. San yon definisyon Akademi an, nou oblije entèprete tèm
"tirè" sa a fenomèn yo rele "tirè" nan prensip tipografi
inivèsèl yo e ki lye ak reprezantasyon "trè orizontal" yo nan ekriti
tèks yo. Sou baz sa a, nou idantifye yon varyete konfizyon konsènan itilizasyon
tèm tirè a, ki ka kreye yon latriye erè posib pou yon moun ki ap ekri an
Kreyòl.
Anvan nou adrese erè posib sa yo, li esansyèl pou nou
konprann diferan kategori tirè ak wòl yo nan ekriti ak òtograf. Nou dwe
egzamine tou règ tipografik ki gouvènen yo chak, enpòtans yo epi diferansye yo kòmsadwa, sitou nan domèn ekriti
alamen ak enfòmatik. Apre sa, nou pral esplore kijan nou dwe itilize eleman
tipografik sa yo kòrèkteman lè nou ap sèvi avèk òdinatè. Sa a pral finalman
mennen nou nan egzamine erè Akademi an ta sanble fè nan "Dispozisyon
17" la, konsènan itilizasyon tèm yo, nan mete aksan sou fòmilasyon ki ta
preferab pou chak ka.
Premye Pati: Enpòtans Ponktiyasyon
Potomitan
nan kominikasyon alekri
Siy tipografik yo pa yon seri eleman dekoratif, men yo se
potomitan nan kominikasyon alekri. Yo gide lektè a atravè konpleksite lanng
nan, yo fasilite konpreyansyon epi pote nyans sibtil nan chak tèks.
Ponktiyasyon yo se zouti ki gen anpil valè pou nenpòt lanng.
Nan kontèks espesifik kreyòl la, yon lanng vivan plen
richès, estandadizasyon eleman tipografi sa yo gen yon gwo enpòtans. Yo pa
limite a yon senp konvansyon, men yo se mwayen pou garanti koyerans lengwistik
epi prezève idantite espesifik lanng sa a.
AKA a, kòm gadyen lanng nan, gen yon wòl esansyèl pou jwe
nan pwosesis sa a. Lè li bay detay sou itilizasyon siy tipografik yo, li
kontribye nan etabli estanda ki pral pèmèt kreyòl la anrichi epi devlope.
Nòmalizasyon sa a pral ankouraje aksè nan konesans, ekspresyon atistik ak
kominikasyon efikas nan kominote ki pale kreyòl. Se konsa rezolisyon AKA a
kapab bay pwomosyon lanng bon jarèt epi kontribye nan devlopman dirab tout bon
vre.
Lè nou konsidere enpòtans ponktiyasyon an nan klète ak
konpreyansyon tèks yo, li esansyèl pou mete aksan sou itilizasyon diferan siy
ki gen rapò ak trè orizontal yo.
Diferan kategori trè
orizontal yo
Anpil moun pran tout trè orizontal yo[1] pou senkant kob ak degouden. Men, an reyalite, konvansyon
tipografik yo gen yon latriye siy trè orizontal e yo chak gen fonksyon pa yo.
Menm si genyen anpil kalite trè orizontal, nou ap konsantre nou sou 3 kalite
tirè, trèdinyon ak siy mwens, paske se yo menm ki konsènen dispozisyon 17 la
nan rezolisyon AKA a.
Tirè yo
Tirè yo, se enpe ti liy orizontal ki ap flòte nan mitan
yon liy nan yon tèks epi ki pi long pase yon trèdinyon. Yo itilize yo pou kont
yo, oswa yo akonpaye yo ak lòt tirè. An jeneral, tirè yo izole yon pasaj nan
yon fraz pou mete aksan sou li. Tirè yo itilize pou separe gwoup mo yo, yo pa
la pou separe pati mo yo tankou yon trèdinyon.
Kalite tirè ki pi komen yo se tirè kout, tirè mwayen, ak
tirè lonng. Tirè sa yo pa sèlman diferan nan longè, men yo chak gen sèvis pa yo
nan yon tèks.
1. Tirè Mwayen yo : Yon Anfaz sou enpòtans
Tirè mwayen an se yon mak ponktiyasyon ki mete aksan sou
enfòmasyon moun nan ap bay la. Li yon ti kras pi long pase yon trèdinyon. Yo
souvan itilize li pou endike yon peryòd tan oswa yon seri nimewo. Nan kontèks
sa a, tirè a ta dwe entèprete pou vle di "nan entèval" oswa "nan
peryòd". Se kòmsi ou mete yon limyè sou yon mo oswa sou yon fraz. Pa
egzanp, nan fraz " ane 70-80 yo te toujou kaptive mwen", tirè a mete
aksan sou peryòd espesifik la. Se li ki itilize pou fè enimerasyon tou,
kit li vètikal ; kit li orizontal. Tirè mwayen an sèvi pou ranfòse mak
ponktiyasyon ki anvan li a. Li travay tankou yon souliyman ki atire atansyon.
Men kèk egzanp sou itilizasyon li :
Pou lis enimerasyon yo
men kèk fwi: pòm – zoranj – sitwon.
Pou separe entèval yo:
Ane 2000–2010 yo te make lavi m.
Pou diferansye separasyon yon mo senp ak yon mo konpoze
Men kèk moun pou ta rele: Jan-Pyè – Jan-Jak – ak
Mari-Kamèl.
Pou separe limit yon entèval:
Chèz 1-10 rezève pou manm koral yo.
Paj 30-50 genyen anpil enfòmasyon enpòtan.
Itilizasyon nan lyezon chif:
Distans ant vil yo se 50-60 kilomèt.
Pwodwi a koute ant 30-40 goud konsa.
2. Tirè kadraten oubyen tirè lonng nan:
Siyal Chanjman
Tirè kadraten an se li ki pi lonng nan tirè yo. Li se yon
siy ponktiyasyon enteresan. Li jeneralman ranplase kèk lòt mak ponktiyasyon
tankou: vigil, parantèz, pwen, ak pwen vigil. An jeneral, yo itilize li nan
tèks ki mwens fòmèl yo. Li se yon karaktè ki frape, se sa ki fè anpil ekriven pral souvan itilize li pou atire
atansyon lektè a epi pou rezon estilistik tou. Li endike chanjman yo nan ton
(nan ensiz yo) ak pou chanjman entèlokitè yo (nan dyalòg yo). Yo itilize li tou
pou mete aksan sou notasyon enpòtan yo. Pa egzanp :
1- Nan
yon dyalòg:
— Kòman ou ye?
— Trè byen, mèsi.
2- Apre
non karaktè yo nan teyat yo:
Alis. — ( pandan l ap gade deyò fenèt la). Kisa ou ap fè
la?
Bòb. — ( k ap monte nechèl la). Mwen pa ka rete san ou.
3- Pou
ankadre pwopozisyon ensiz yo:
Chen an — yon bèje Alman — te tonbe jape byen fò.
4- Nan
fonksyon kazi-parantèz la:
Sè m nan — sa ki abite Pari a — vini vizite nou.
5- Lè
yo swiv pa ponktiyasyon final la:
Li ri byen fò — ha ha ha!
3. Tirè kout: Yon tirè polivalan,
Tirè kout la, ki pi kout pase tirè mwayen an, se yon
karaktè polivalan pou plizyè rezon, espesyalman sou klavye Smatfòn.
Disponiblite inivèsèl li ak kapasite li pou sèvi kòm siy mwens, yon separasyon
chif, mo konpoze, ak tirè alaliy fè yo itilize li anpil. Men atansyon, yo sitou
itilize li sou aparèy mobil, nan tèks ki pa fòmel oubyen lè gen rezon ki fè lòt
yo pa disponib. Se li tou nou itilize nan sa ki rele
tirè kondisyonèl la. Tirè kondisyonèl la pa yon tirè poukont li, se yon tirè
lojisyèl yo mete poukont yo ki gide tèks la pou evite yo kanpe nan yon moman ki
pa apwopriye, patikilyèman nan fen yon liy. Li sèvi pou ini de liy sa yo, lè
yon mo nan fen yon liy e li twò lonng, li divize de pati mo sa yo. Li ka
anpeche yon poz ki ta ka lakòz konfizyon sou yon mo konpoze oswa yon lòt
eleman. Yon tirè kondisyonèl tankou limyè trafik, ki endike kilè pou ou kouri
ak kilè pou ou kanpe.
4. Trèdinyon an: Yon lyen
anndan yon mo
Trèdinyon ak tirè
fasil pou konfonn. Dayè, toulède se de liy orizontal ki vini ant mo yo ak
diferans longè yo ki mwens pase yon milimèt. An nou gade kòman yo
sèvi ak trèdinyon an kòrèkteman.
Yon trèdinyon (-) se yon siy ki itilize pou relye
plizyè eleman yon mo konpoze. Li pa ka ranplase ak okenn lòt kalite tirè. Li pa
teknikman yon mak ponktiyasyon piske li pa
pèmèt nou ni pi byen defini ni pi byen òganize, ni pi byen li yon tèks. Se
poutèt sa yo jwenn li nan mo konpoze. Panse a li kòm siman ki genyen ant brik
yo nan yon kay ki reprezante mo yo. Govain (2022), fè konnen, fonksyon
prensipal trèdinyon an … se fòme yon inite leksikal apati plizyè mo ki sèvi pou
fè mo konpoze ki konpòte yo kòm yon sèl siyifye. Mo li lyannen yo kapab gen
menm kategori gramatikal oubyen kategori gramatikal yo kapab diferan. Pa
egzanp, avan-jou, Jan-Mari, kòd-gita, batmann-kè, jou bese-leve se yon seri mo
konpoze ki fòme ak lòt mo. Yon trèdinyon pa janm antoure ak espas,
li tou kole ak mo li relye yo. Li aji tankou lyen yo nan yon chèn, ini
eleman yo nan yon mo.
5. Siy Mwens lan: Tirè Matematik la:
Siy mwens (-) yo rele pafwa tirè matematik la esansyèl nan
aritmetik pou endike soustraksyon. Li gen menm longè ak siy plis la (+). Li se kab
lè li nan mitan chif yo, sa ki montre a klè li diferan ak trèdinyon. An menmtan
tou, siy mwens lan pi fonse pase yon tirè, e li plase pi wo pase li, yon jan
pou li ka parèt nan mitan siy egal la. Pa egzanp, 2 − 3 = − 1. Li konparab ak
yon kle pou rezoud operasyon matematik.
Dezyèm Pati: Nòmalizasyon enfòmatik
Enfòmatik nan lanng yo: yon enperatif
nan laj nimerik la
Enfòmatik nan lanng kounye a se yon nesesite nan laj
nimerik nou an. Tout lanng, san okenn esepsyon, dwe ekipe ak zouti epi resous
ki nesesè pou yo ka entegre totalman nan monn enfòmatik la. Sa ale pi lwen pase
yon senp itilizasyon, paske sa pral itil tou nan koze tradiksyon otomatik,
lekti otomatik lanng elt. sou yon echèl mondyal.
Nan kontèks sa a, kreyòl pa ka yon esepsyon. Pou li ka
evolye an amoni ak kondisyon teknolojik aktyèl yo, li enperatif pou estandadize
eleman tipografik li yo epi byen prepare li pou nou ka itilize òdinatè. Devlopman
sa a se yon pati nan kontinite natirèl la nan adaptasyon nan tout lanng nan laj
nimerik la.
Unicode jwe yon
wòl santral nan tranzisyon sa a. Li se yon estanda entènasyonal ki bay chak
karaktè nan chak sistèm ekriti yon nimewo inik, ki pèmèt reprezantasyon
inivèsèl yo atravè tout aparèy ak lojisyèl. Pou kreyòl, adopsyon Unicode se yon
etap enpòtan nan direksyon entegrasyon konplè li. Lè nou
estandadize ak enfòmatize kreyòl la, nou ap pèmèt lanng sa a boujonnen nèt. Sa
ouvri pòt aksesiblite, edikasyon, kominikasyon ak espresyon atistik pou
kominote ki pale kreyòl la. Apwòch sa a pi plis pase yon senp modènizasyon, se
yon afimasyon sou enpòtans ak vitalite kreyòl la nan monn konekte nou an.
Lè nou konsidere nesesite Nòmalizasyon enfòmatik sa
a vrèman vre, nou dwe, nan cheminman lanng kreyòl la, pou jwenn aksè nan senbòl
yo ak siy grafik ki nesesè pou anrichi tèks nou yo. Poutèt sa, nou mete yon ti
gid rekonesans tou kout pou siy nou sot pale yo. Konsa sa va yon agiman anplis
pou montre kòman yon bon diferansyasyon chak siy yo enpòtan pou fòma dokiman
nou yo.
Gid pratik pou tape diferan tirè,
trèdinyon epi siy mwens.
Men kijan yo tape tire sa yo sou yon òdinatè:
- Tirè Mwayen an (–):
- Sou pifò klavye,
li ant zewo (0) a ak siy egal la (=). Gen lòt ki pa genyen li epi
jeneralman ou ap oblije mete li kòm yon karaktè espesyal oswa itilize
karaktè tire pito.
- Lajè: lajè lèt n
nan oubyen yon demi kadraten.
- Senbòl Unicode:
U+2013
- Tirè Long (—):
- Sou pifò klavye,
li pa dirèkteman aksesib. Ou ka kopye epi kole li nan tèks ki sèvi ak li,
oswa itilize rakousi espesifik depann sou lojisyèl ou ap itilize a.
- Lajè: lajè lèt m
nan oubyen yon kadraten.
- Senbòl Unicode:
U+2014
- Tirè kout la (‐):
- Li
prezan sou pifò klavye yo, kote lòt tirè yo pa disponib.
- Trèdinyon an (‐):
- Sou pifò klavye
yo, li akote (0) (zewo) sou ranje anlè a.
- Lajè: lajè yon ka
kadraten.
- Senbòl Unicode:
U+2010
- Tirè
matematik la, siy mwens (−):
- Sou
pifò klavye li pa dirèkteman aksesib.
- Lajè:
li yon ti kras pi laj pase yon demi kadraten
- Senbòl Unicode:
U+2212
[1] N ap note konn gen diferans sibtil sou
koze ponktiyason nan lanng yo, men yo pa anpil. Nou fè chwa itilize nan tèks
sila a konvansyon ponktiyasyon nan franse piske an jeneral, se konvansyon
franse yo nou itlize nan tipografi nan lanng kreyol la.
Twazyèm Pati: Analiz Erè nan Dispozisyon 17
Apre analiz Dispozisyon 17 la
ki gen rapò ak itilizasyon tirè nan sistèm òtograf la, nou swete ofri kèk
klarifikasyon. Sijesyon sa yo gen entansyon ranfòse konsistans epi ankouraje
yon pi bon konpreyansyon sou règ ak prensip sa yo. Li enpòtan pou n presize
pwopozisyon sa yo fèt nan yon lespri konstriktif, nan objektif pou amelyore
klète ak koyerans direktiv yo. Nou konsyan konpleksite ki lye ak nòmalizasyon
yon lanng e nou akeyi efò ki fèt pou asire itilizasyon lanng kreyòl la
annamoni.
Dispozisyon 17- Itilizasyon
tirè nan sistèm òtograf la
Imaj 1: Dispozisyon 17.1, 17.2 ak 17.3. Sous
AKA(2023).
Selon analiz nou yo,
pwopozisyon 17.1, 17.2 ak 17.3 pa korèk, yo ta dwe ‘’Sistèm òtograf la sèvi
ak trèdinyon ‘‘-’’. Efektivman, nan tou lè twa ka yo, nou ap trete yon seri mo
konpoze, kidonk se nan trèdinyon nou ye. Li ta entèresan tou si AKA ta
note, trèdinyon an ensekab sa vle di, li pa gen okenn espas ki separe eleman mo
yo ak li.
Imaj 2:Dispozisyon 17.4. Sous: AKA(2023).
Si efektivman ‘’ tirè
dyalòg’’ la korèk, nou ka obsève siy tipografik “-’’ a, pa yon tirè
dyalòg men pito yon trèdinyon nan referans tipografik yo epi langaj UNICODE la.
Li ta preferab tou si AKA ta itilize yon tèm tankou ‘’tirè long’’, piske tirè
sa a, se pa nan sèl dyalòg li itilize. Nan ka sa a, pwopozisyon kòrèk la ta dwe
“Sistèm òtograf la sèvi ak tirè long “—’’
Imaj 3:Dispozisyon 17.5. Sous: AKA(2023).
Selon menm analiz anlè yo,
pwopozisyon sa pa kòrèk, li ta dwe ‘’Sistèm òtograf la sèvi ak siy mwens
‘‘−’’. Dayè, nou ka remake nan egzanp
lan, trè orizontal ki reprezante a pa plase nan mitan egal la, jan konvansyon
tipografik yo mande sa.
Imaj 4:Dispozisyon 17.6.; 17.7.; 17.8. Sous: AKA(2023).
Pwopozisyon yo manke kòrèk tou paske li ta preferab si AKA ta itilize tèm tirè mwayen pandan li ap presize aprè li gen yon espas sekab ak kilè gen yon espas ensekab. Li ta enteresan tou pou AKA presize li ka itilize pou enimerasyon orizontal la nan 17.6. Nou ap remake, nan egzanp ki nan 17. 8 yo AKA mete ni trèdinyon ak tirè mwayen nan egzanp li yo nan menm kontèks la, sa ki souzantann diferans yo pa te fèt alavans.
Anbigwite ki genyen nan itilizasyon mo "tirè"
nan Akademi Kreyòl Ayisyen an soulve kèk kesyon enpòtan: ki objektif presi ki
te dèyè chwa sa a, pandan yo te kapab konsidere lòt tèm ki pi apwopriye? Li
posib pou desizyon sa a te pran nan objektif pou senplifye, soulaje yon seri
konpleksite nan ekriti lanng nan. Sepandan, li esansyèl pou sonje apwòch pou
elimine difikilte oswa konfizyon pa dwe lakòz yon senplifikasyon ki egzajere e
ki pa konfòm ak règ epi konvansyon entènasyonal yo. Mo Estandatizasyon
nan lengwistik montre rijidite syantifik
la, nan tout demach, rete esansyèl.
Li posib tou pou yon pati nan anbigwite sa a rive nan yon
senp ti bliye, oswa petèt nan yon mank konpreyansyon nan nyans ki genyen ant
diferan siy ki se liy orizontal yo, tankou tirè, trèdinyon ak lòt eleman ki gen
rapò. Nan mezi nou pa te rive konprann motivasyon ki dèyè apwòch AKA a, li
sanble enperatif pou nou te fè yon distenksyon klè ant siy tipografik sa yo. Sa
te pèmèt nou konprann, an reyalite, siy tipografik yo pa sèlman la kòm eleman
dekoratif, men pito kòm zouti esansyèl pou estandatizasyon lengwistik ki korèt
toutbon vre.
Nou ap sonje tou chak siy tipografik gen plas ak fonksyon
pa yo nan lanng espesifik ki adopte yo, epi li lejitim pou Akademi an kapab
adopte pwòp konvansyon pa li sou sijè sa a. Travay nou an pa la pou dikte okenn
enperatif pou Akademi an, men pito sigjere yon metòd analiz ki pi solid ak yon
kout je ki pi syantifik, yon fason pou garanti klate ak konsistans nan
itilizasyon eleman tipografik yo.
Nòmalizasyon eleman
tipografik yo pote yon chanjman enpòtan ak devlopman dirab nan itilizasyon ak
pwomosyon lanng nan. Kreyòl la, entegre
nan epòk nimerik la, vin tounen yon zouti aksè, edikasyon ak ekspresyon atistik
pou kominote ki pale kreyòl la. Apwòch sa a se yon afimasyon enpòtans ak
vitalite kreyòl la nan monn konekte nou an. Estanda tipografik, sitou an
kreyòl, esansyèl pou prezève idantite lengwistik. Enfòmatize lang yo, ak
adopsyon yon estanda jeneral, ap elaji orizon kreyòl la.
Klike sou lyen sa a, si w vle pibliye sou haititchala.com : InfoPUBLICATION
Bibliyografi
DeGraff, M.
(2023). Brase lide sou pwojè « estandadizasyon » ekriti kreyòl la - pou n kore
edikasyon ak devlopman ann Ayiti e pou n ede Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan
misyon li. Rechèch Etid Kreyòl, volim 2(nimewo 1), 43‑90.
Des tirets plus ou moins étirés. (s. d.).
Antidote.infò.
https://www.antidote.infò/fr/blogue/enquetes/des-tirets-plus-ou-moins-etires
Govain, R.
(2022). Fenomèn sandi e pwoblèm òtograf an kreyòl ayisyen : Kèk pwopozisyon. Rechèch
Etid Kreyòl, volim 1(nimewo 1), 205‑241.
https://doi.org/10.57222/RIND8939
Grammarly. (2023). Dashes : How to use them in Sentences |
Grammarly. Dashes : How to Use Them in Sentences | Grammarly.
https://www.grammarly.com/blog/dash/
Lacroux, J. (2008). Orthotypo :
orthographe et typographie françaises, dictionnaire raisonné.
Ramat, A., & Benoit, A. (2017). Le
ramat de la typographie.
Tiret : Emplois divers. (s. d.). BDL.
https://vitrinelinguistique.oqlf.gouv.qc.ca/index.php?id=23376&utm_source=BDL&utm_campaign=Redirection+des+anciens+outils&utm_content=th%3D2%26t1%3D%26id%3D3376
Tiret : mise en valeur. (s. d.). BDL.
https://vitrinelinguistique.oqlf.gouv.qc.ca/index.php?id=23378&utm_source=BDL&utm_campaign=Redirection+des+anciens+outils&utm_content=id%3D3378
Trait d’union. (s. d.). BDL.
https://vitrinelinguistique.oqlf.gouv.qc.ca/index.php?id=20324&utm_source=BDL&utm_campaign=Redirection+des+anciens+outils&utm_content=th%3D1%26th_id%3D324
Unicode 15.1.0. (s. d.). https://www.unicode.org/versions/Unicode15.1.0/
[1] N ap note konn gen diferans sibtil sou
koze ponktiyason nan lanng yo, men yo pa anpil. Nou fè chwa itilize nan tèks
sila a konvansyon ponktiyasyon nan franse piske an jeneral, se konvansyon
franse yo nou itlize nan tipografi nan lanng kreyol la.
Messages les plus consultés
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala examens de 9e année 2023
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens NS4 (SVT, LLA, SMP, SES) 2024
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Mathématiques et Physique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2024-2025
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Résultats du Bac de 9ème : Les Résultats Finaux Semblent Enfin Prêts
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Commentaires
Publier un commentaire