Messages

Affichage des messages portant l'étiquette Ankreyòl

Machin san volan yo pran lari: Wobotaksi Amazon lan rive nan Las Vegas

Image
Machin san volan yo pran lari: Wobotaksi Amazon lan rive nan Las Vegas Las Vegas se pa sèlman kapital mondyal amizman an. Li vin tounen, depi kèk tan, yon kote eksperimantasyon nan sekt è transpò a. Lè li lanse sèvis Wobotaksi otonòm li a, Zoox, ki se yon filyal Amazon, atake dirèkteman gwo konpayi Waymo (Google) ak Tesla nan yon kous teknoloji ki ta ka pote gwo chanjman sou abitid transpò nou yo. Yon machin ki boulvèse tout kòd nou yo Kontrèman ak konkiran li yo ki adapte modèl ki egziste deja (tankou Waymo avèk Jaguar I-Pace), Zoox chwazi yon apwòch radikal: konsevwa yon machin konplètman nouvo, panse depi nan kòmansman pou otonomi. Sa ki bay kòm rezilta: Yon machin elektrik fitiristik san volan, ni pedal, ni kontwòl manyèl klasik. Anndan, pa gen chofè ni syèj devan. Kat pasaje yo, chita fas a fas nan yon kabin simetrik. Yon eksperyans ki sanble plis ak yon salon mobil ke yon taksi konvansyonèl. Yon ti lide sou premye tou l sou wout la Lansman an nan Las Vegas, mèkredi ki s...

🔴 Kijan Plajya, Oralite, ak Parès Entèlektyèl detwi konpreyansyon etimoloji nan Kreyòl Ayisyen 🔴

Image
  🔴 Kijan Plajya, Oralite, ak Parès Entèlektyèl detwi konpreyansyon etimoloji nan Kreyòl Ayisyen 🔴 "Que le Colon guette ta mère ! C'est ma race ça ?" 😡 Depi byen lontan, anpil moun ap envante etimoloji plizyè mo ak ekspresyon nan kreyòl Ayisyen. Men sa ki pi grav toujou se lè lenguis sou baz plajya ak parès entèlektyèl envante etimoloji tou pou mo tankou zuzu , tchanpan elatriye... Nan chak lekòl, chak diskisyon sou lang, chak emisyon ki vle montre “richès lang kreyòl”, souvan gen men ki leve pou eksplike orijin mo tankou “marasa”, oswa “kolangèt manman w”. E chak fwa, menm istwa yo parèt: “marasa soti nan fraz franse ma race ça” ; oswa “kolangèt manman w se ‘que le colon guette ta mère’” . 🧏🏾‍♂️ Nou tande istwa sa yo depi lekòl. Yo repete lakay, nan fowòm sou entènèt, nan liv, e menm nan inivèsite. Sa vin ba yo valè nan pwen, nou tèlman repete yo souvan, yo vin sanble laverite. Men si nou poze tèt nou kesyon, si nou fouye pi fon, nou va wè sa ki sanble evi...

Yon Arestasyon, Plizyè Kesyon sou Eta Jidisyè Ayiti

Image
Yon Arestasyon, Plizyè Kesyon sou Eta Jidisyè Ayiti a Anpil Ayisyen pa kache satisfaksyon yo depi nouvèl arestasyon Reginald Boulos lan tonbe. Pou anpil ladan yo, mesye a ta fè pati moun ki mete peyi a ajenou, ki sipòte vyolans ak gang, ki anrichi tèt yo sou do soufrans pèp la. Sa kapab vre. Men èske nou ka pran distans ak emosyon nou, pou nou gade pi lwen pase sa yo montre nou? Etazini toujou ap mennen batay kont moun li konsidere kòm menas pou estabilite rejyon an. Lè sa rive, li pa ezite mete presyon, arete, ou mennen moun nan tribinal pa li, tankou si se sèl li ki posede verite ak kapasite pou bay lajistis. Se konsa nou vin kwè ke nan peyi pa nou, se pa posib pou jistis fèt san entèvansyon blan. Mwen pa konnen si sa soti nan enkapasite nou, oswa si se emosyon ki okipe plas refleksyon. Men, kite m mete sa klè : si tout sa yo repwoche Boulos la ta fonde sou verite, arestasyon li se pa yon viktwa pou pèp Ayisyen , se pito yon gwo souflèt sou figi sistèm jidisyè nou an. Sistèm sa, depi...

Chef Leen Excellent : Goute m, wap renmen m!!!

Image
  Chef Leen   Excellent : Goute m, wap renmen m!!! Non sa ka parèt familye, e non sa ka fèw panse ou tande l yon kote deja. Ebyen ou pa bezwen nan dout, ou tande non sa sou tout rezo yo paske gwo potorik fanm sa deside leve eskanp figi peyi Dayiti sou echèl entènasyonal la. Li deside patisipe nan yon konkou ki se ‘’ longest individual cooking marathon’’. Se yon konkou kote yon moun ap pase plizyè jou ap fè manje, e jiskaprezan se yon Ilandè ki kenbe rekò a. Men nap tou pwofite diw pandan ou pral chofe chef Leen anba tout paj rezo yo pou ankouraje l, men kèk kritè konkou a : 1)       Moun nan dwe kanpe pandan lap f è manje a depi nan komansman rive jouk nan fen an. 2)       Li gen dwa pou li manje, bwè ji, pou li bwè dlo epi pran glikoz. 3)       Li pa gen dwa bwè kafe oubyen lòt bwason enèjik. 4)       Li gen dwa a 5 minit poz chak in è detan. 5)    ...

Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an

Image
  Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an Banj medya vini ak yon aktivite ‘’pop the ballon’’. E Haititchala te pote k è k pwen esyansy è l depi premye ‘’show’’ la pou ou. Se nan optic sa plizy è ‘’pop the ballon’’ f è t, e rezilta yo te souvan aplodi pa piblik la, men sa konn rive tou ke piblik la, gen k è k ti pwoblem ak patisipan e menm montre sa nan komant è yo f è sou rezo sosyal yo. Koup, ki enterese tout moun nan pa l ò t ke, Boubouline ak Cappuchino. Si gen relasyon ki bati an bl ò k ki kraze, ebyen relasyon sa ki bati avek blad la te bay yon l ò t imaj. Koup la komanse nan f è manje ansanm, Banj medya ede koup la pataje k è k bon bagay yap trav è se ansanm ak nou, koup la tap navige sou lalin jan moun yo konn di a. Nan langaj granmoun yo, si f è w è pa dire, ebyen poste relasyon sou rezo yo pi mal. Ti kras pa ti kras la, koup la komanse retire imaj ke se yon koup kap tande mizik ansanm, kap f è manje ansanm, kap bay ti fl è an piblik, kap menm bay l ò t j è n...