Messages

Affichage des messages portant l'étiquette bourse haiti

Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo?

Image
  Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo? Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti ouvri de gwo pwogram bous detid pou etidyan ayisyen chak ane: MOFA Taiwan Scholarship ak ICDF International Higher Education Scholarship. Menm si toude bous sa yo bay opòtinite pou etidye Taiwan, yo gen diferan kondisyon ak avantaj. Ann gade diferans prensipal yo. 1. Lang ansèyman an MOFA Taiwan Scholarship : Tout kou yo fèt an mandaren . Benefisyè yo resevwa yon ane aprantisaj mandaren anvan yo kòmanse etid inivèsitè yo. ICDF Scholarship : Tout kou yo fèt an anglè . Se yon bon opsyon pou moun ki deja pale anglè epi ki vle etidye san bezwen aprann yon nouvo lang anvan. 2. Nivo etid yo finanse MOFA Scholarship : Finanse Lisans (Bachelor), Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) . ICDF Scholarship : Finanse Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) sèlman. Pa gen bous ICDF pou Lisans. 3. Dire bous yo MOFA ...

Taiwan (Taywann) Lanse Bous Detid MOFA 2025 pou Etidyan Ayisyen

Image
  Taiwan (Taywann)   Lanse Bous Detid MOFA 2025 pou Etidyan Ayisyen Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti anonse ouvèti aplikasyon pou bous MOFA 2025 la. Si w se yon sitwayen ayisyen epi w vle pouswiv etid ou nan Taiwan nan nivo Lisans, Metriz oswa Doktora, bous sa a ba w opòtinite pou w fè sa. Tout kou yo fèt an mandaren epi bous la enkli yon ane aprantisaj lang mandaren anvan ou kòmanse etid inivèsitè ou yo. Detay sou bous la Lisans (Bachelor) : 4 ane etid inivèsitè + 1 ane aprantisaj mandaren (5 ane total) Metriz (Master) : 2 ane etid inivèsitè + 1 ane aprantisaj mandaren (3 ane total) Doktora (Ph.D.) : 4 ane etid inivèsitè + 1 ane aprantisaj mandaren (5 ane total) Kondisyon pou w kalifye Pou Lisans (Bachelor) Gen mwens pase 23 zan Byen metrize lang anglè Gen yon diplòm fen etid segondè (BAC II) ak omwen nòt sa yo: Philo A: 825/1100 Philo C: 1275/1700 Philo D: 1200/1600 Oswa, p...

Taiwan (Taywann) Lanse Bous Detid ICDF 2025 pou Etidyan Ayisyen

Image
  Taiwan (Taywann) Lanse Bous Detid ICDF 2025 pou Etidyan Ayisyen Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti anonse ouvèti aplikasyon pou bous ICDF 2025 lan. Si w se yon sitwayen ayisyen epi w vle pouswiv yon metriz oswa yon doktora nan Taiwan , bous sa a ka ba w opòtinite pou w fè sa. Tout kou yo fèt an anglè epi gen 29 pwogram etid diferan ki fèt pou reponn ak bezwen etidyan entènasyonal yo. Kondisyon pou w kalifye Pou metriz la ou dwe Gen mwens pase 30 lane Gen yon diplòm Lisans nan yon inivèsite piblik oswa prive MENFP rekonèt Byen metrize lang anglè Pou doktora a ou dwe Gen yon diplòm metriz nan yon inivèsite piblik oswa prive MENFP rekonèt Byen metrize lang anglè Dokiman obligatwa pou aplikasyon an Ranpli fòm aplikasyon sou sit Taiwan ICDF la ( https://web.icdf.org.tw/ICDF_TSP/WelcomeStart.aspx ) epi enprime li pou soumèt li bay anbasad la apre ou fin siyen li. Yon biyografi (500 mo an anglè). ...