Mwen mande yon demwazèl nimewo l nan kamyonèt. Gade kisa ki rive aprè !

Mwen mande yon demwazèl nimewo l nan kamyonèt . Gade kisa ki rive aprè ! Kamyonèt cheri, mennen m ale dous ( Epizòd 1) Nou tout konn monte kamyonèt pa vre ? Nou konn mande fi nimewo ladan yo ? Nou konn bay gason nimewo nou ? Enben epizòd sa fèt pou nou ! Tan lekti : 3 mn Lè m fenk rantre CEDI, pyeton que je suis , mwen te konn tande tout istwa e viv yo nan kamyonet oubyen bis. Men gen yon jou, se mwen ki pral aktè a epi resevwa yon gwo kout rach nan zo kawo do m, menm jan pyè te bay Jezi menm kout rach sa nan do l. Yon jou m ap sot lekòl, vès sou mwen en mòd barbo zuzu, m chita nan yon kamyonèt pou m ka al Shada. Rapid vit, gen yon dam ki vin chita sou ke vès la. M pa bezwen di nou ki mizè m pase pou m fè li leve. Apre sa yon bèl ti dam Bondye fè a 2 men l pran plas li a. Rapid vit nou kòmanse pale. Nou bay blag epi pataje kèk istwa. Nou konn jan bagay la ye, se ti sakad pou w fè pandan wap bay fil. Lèm rive Shada, machin nan kanpe epi nou desann. M pran grate tèt ...