Kisa ki Koze_Gab la???



Kisa ki Koze_Gab la???

Kreyòl se lang pa nou, e chak jou, nou gen devwa pou nou non selman amelyore jan nou pale l , epi toujou fè yon mizajou. Se nan optik sa gen kèk mo ou te konnen ki chanje e menm jan tou gen kèk lot mo tou ki ajoute. Ou te konn tande mo zo bouke chyen, wazif ak elatriye. Se nan optik sa Koze Gab pote gwosè fòmasyon sa pou ou. Fòmasyon an ap fèt nan 《Bibliothèque Michèle Tardieu》a ki Petyonvil, lendi 5 Out pou rive samdi 31 Out 2024, soti 10è nan maten rive 2è nan laprèmidi.

Se yon fòmasyon ki gen pou objektif ede piblik la ekri byen oswa pi byen kreyòl ayisyen an. Nou tout pale kreyòl men se pa nou tout ki toujou jwenn yon fòmasyon sou sa. Ekip la mobilize tout konpetans li nan domèn nan pou bay patisipan yo bon jan zouti k ap ede yo non sèlman konprann fenomèn yo men aprann aplike yo kòmsadwa tou.
Nou twouve gen anpil mank bò kote lokitè ayisyen yo nan jan yo ekri. Nou konte ede pi plis moun nou kapab nan sans sa a.Kit li timoun, jèn oswa granmoun.

" Koze_gab " se yon platfòm k ap fè pwomosyon pou Lang Kreyòl sitou travay sou règ ak estrikti lang lan. Dayè, se sou demann piblik la nou pote fòmasyon sa a.

Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :

Publier un commentaire

0 Commentaires