🔴 Kijan Plajya, Oralite, ak Parès Entèlektyèl detwi konpreyansyon etimoloji nan Kreyòl Ayisyen 🔴
🔴 Kijan Plajya, Oralite, ak Parès Entèlektyèl detwi konpreyansyon etimoloji nan Kreyòl Ayisyen 🔴 "Que le Colon guette ta mère ! C'est ma race ça ?" 😡 Depi byen lontan, anpil moun ap envante etimoloji plizyè mo ak ekspresyon nan kreyòl Ayisyen. Men sa ki pi grav toujou se lè lenguis sou baz plajya ak parès entèlektyèl envante etimoloji tou pou mo tankou zuzu , tchanpan elatriye... Nan chak lekòl, chak diskisyon sou lang, chak emisyon ki vle montre “richès lang kreyòl”, souvan gen men ki leve pou eksplike orijin mo tankou “marasa”, oswa “kolangèt manman w”. E chak fwa, menm istwa yo parèt: “marasa soti nan fraz franse ma race ça” ; oswa “kolangèt manman w se ‘que le colon guette ta mère’” . 🧏🏾♂️ Nou tande istwa sa yo depi lekòl. Yo repete lakay, nan fowòm sou entènèt, nan liv, e menm nan inivèsite. Sa vin ba yo valè nan pwen, nou tèlman repete yo souvan, yo vin sanble laverite. Men si nou poze tèt nou kesyon, si nou fouye pi fon, nou va wè sa ki sanble evi...