Messages

Affichage des messages portant l'étiquette kreyòl

10 bagay pou w konnen avan tiraj Koup di Mond 2026 la

Image
10 bagay pou w konnen avan tiraj Koup di Mond 2026 la 1)       Koup di Mond 2026 la ap gen 48 ekip , epi Ayiti deja pami yo. Se premye patisipasyon nou depi plis pase 50 ane. 2)       Ap gen 12 gwoup ki gen 4 ekip chak . 3)       2 premye ekip nan chak gwoup ap kalifye dirèk pou faz eliminatwa yo. 4)       8 meyè twazyèm yo ap jwenn dènye tikè yo pou rantre nan tou swivan an. 5)       Aprè faz gwoup la, ap gen 16yèm de final ak yon total de 32 ekip , kote se eliminasyon dirèk. 6)       Koup di Mond 2026 la ap gen 104 match an tout. 7)       Konpetisyon an ap dire 39 jou , sa ki fè li youn nan pi long nan listwa mondyal la. 8)       Ekip ki vle ranpòte tit la ap oblije jwe 8 match an tout. 9)       Match yo ap dewoule nan twa peyi : Kanada, Meks...

🔴 Kijan Plajya, Oralite, ak Parès Entèlektyèl detwi konpreyansyon etimoloji nan Kreyòl Ayisyen 🔴

Image
  🔴 Kijan Plajya, Oralite, ak Parès Entèlektyèl detwi konpreyansyon etimoloji nan Kreyòl Ayisyen 🔴 "Que le Colon guette ta mère ! C'est ma race ça ?" 😡 Depi byen lontan, anpil moun ap envante etimoloji plizyè mo ak ekspresyon nan kreyòl Ayisyen. Men sa ki pi grav toujou se lè lenguis sou baz plajya ak parès entèlektyèl envante etimoloji tou pou mo tankou zuzu , tchanpan elatriye... Nan chak lekòl, chak diskisyon sou lang, chak emisyon ki vle montre “richès lang kreyòl”, souvan gen men ki leve pou eksplike orijin mo tankou “marasa”, oswa “kolangèt manman w”. E chak fwa, menm istwa yo parèt: “marasa soti nan fraz franse ma race ça” ; oswa “kolangèt manman w se ‘que le colon guette ta mère’” . 🧏🏾‍♂️ Nou tande istwa sa yo depi lekòl. Yo repete lakay, nan fowòm sou entènèt, nan liv, e menm nan inivèsite. Sa vin ba yo valè nan pwen, nou tèlman repete yo souvan, yo vin sanble laverite. Men si nou poze tèt nou kesyon, si nou fouye pi fon, nou va wè sa ki sanble evi...