Passer au contenu principal

En vedette

Siyifikasyon Kache Dreadlocks yo

Siyifikasyon Kache Dreadlocks yo: Yon Vwayaj Nan Tan ak Kilti Entwodiksyon Dreadlocks se plis pase yon stil cheve; yo se yon senbòl ki gen gwo valè kiltirèl ak espirityèl. Atik sa a eksplore rich istwa ak anpil siyifikasyon dreadlocks yo, pandan li antre nan orijin yo ak evolisyon yo nan divès sosyete. Orijin Istorik Dreadlocks yo remonte nan sivilizasyon ansyen tankou Ejip ak Lagrès. Nan sosyete sa yo, dreadlocks te souvan wè tankou yon reprezantasyon pouvwa ak sajès. Ansyen Ejipsyen yo, pa egzanp, te asosye dreadlocks ak espirityalite ak idantite, kwè ke yo konekte moun ak rasin espirityèl yo. Siyifikasyon Kiltirèl Nan plizyè tribi Afriken, dreadlocks senbolize sajès espirityèl ak idantite kiltirèl. Yo souvan wè kòm yon manifestasyon fizik koneksyon yon moun ak zansèt yo ak mond espirityèl la. Mouvman Rastafariyen an nan Jamayik montre plis siyifikasyon kiltirèl dreadlocks yo. Pou Rastafaryen yo, dreadlocks se pa sèlman yon stil cheve men yon senbòl rezistans kont nòmal sosy...

Eske Smith Augustin se yon PENP?

 

Eske Smith Augustin se yon PENP?

Dènye jou sa yo, gen anpil pale anpil ki fèt sou youn nan konseye nan konsèy prezidansyèl la. Non Smith Augustin ap klewonen tout kote nan Repiblik la,  e se pa pou di l mèsi pou bon sèvis lap rann. Si yon bò, gen yon rapò ULCC sòti nan dat ki se 2 oktòb 2024 la. Rapò sa pale sou kijan yo akize Smith Augustin kòm kwa se yon moun ki ta nan koripsyon e yo menm mande pou li pase devan lajistis pou zak sa ke lalwa entèdi. Ebyen yon lòt bò, yo akize Smith Augustin kòm moun ki ta deside kontakte kèk medam pandan li peye yo pou yo ka ofri sèvis chanèl a yon delegasyon jounalis Ayisyen ki te nan peyi Santo Domingo sòti 5 mas pou rive 7 mas 2021.

Avan menm nou ale lwen, nap raplew ke Smith Augustin te anbasadè Ayiti nan peyi Santo Domingo. Yon anbasadè selon sa ‘’ Convention Vienne 1961’’ di ranpli plizyè fonksyon nan peyi kote li akredite a. An vrak, li reprezante peyi kote li soti a, pou li negosye nan non peyi a, pou li asiste sitwayen yo e menm defann yo si ka prezante, epi fè pwomosyon kiltirèl peyi li reprezante a. Nap raple w lis sa pa ni detaye epi li pa egzostif. Pou pi dirèk, peyi a t ap rete tan aplikasyon fonksyon sa yo nan men anbasadè a. Sepandan, olye de sa , li lanse l nan yon aktivite ki kontrè ak etik menm jan mèt Samuel Madistin soulinye l ‘’ le fait pour un diplomate en poste à l’étranger d’entretenir des rapports privilégiés avec des prostituées dans le pays d’accueil et de jouer le rôle de démarcheur pour des journalistes auprès de ces femmes de rue est un grave problème d’éthique’’.

Nan yon langaj pi lari a konn di, se kòmsi Smith Augustin sevi kòm yon tchoul epi nèg nan baz bay misyon pou al rekrite fanm pou bay plezi. Pou moun ki pa konn koze sa yo, ranpli wòl penp nan yon baz vle di al rekrite medam yo, asire yo touche e dekri yo sa kap gen pou fèt la, e kèk fwa moun kap rekrite a konn menm fè vyolans fizik e sikolojik sou medam yo. E dapre atik ayibipost la nap jwen lyen an anba atik sa, dabitid aksyon sa yo fèt pou achete silans jounalis yo pou asire ke le yo retounen nan peyi a, yo pale byen de gouvènman an. E sa pemèt nou poze kesyon, si anbasadè a gen pratik koripsyon sa lakay li, abitid pou li pa gen etik sa, eske li pa koupab vre nan dosye 100 000 000 goud la ? Men n ap kite lajistis reponn kesyon sa. Nan menm moman an nap pouswiv pou nou envite w kesyone ki modèl dirijan kap dirije peyi a. Eske se yon moun kap ede jounalis jere bezwen seksyèl epi lòt, oubyen yon moun ki gen etik, ki pa anba chaj koripsyon e diyite imèn li entak ?

Pou fini, aksyon sa yo fè nou poze kèk kesyon, dayè nap dakò se wòl nou sa. Nou toujou ap poze kesyon, eseye konprann kòman ‘’ chose publique’’ la ap jere. Si nou pran yon bò pratik koripsyon sa petèt Smith Augustin gen lakay li, e tou menm pratik sa selon Ayibopost li genyen pou al deyè fanm pou bay yon gwoup moun, epi yon lot bò nap konsidere repitasyon ‘’ Hotel OASIS ‘’ genyen tankou wi se yon gwo otèl e wi konn gen aktivite ‘’Krèy’’ kap fèt ladan l. Eske lè nou gade depans nan atik Ayibopost te pwodwi e wap jwen anba atik sa, se pat menm aktivite sa mesye konseye nou yo tap fè e abitye fè nan ‘’ Hotel OASIS’’. Epi pou nou kesyone tou ki enterè pifò konseye ki epingle nan ankèt ULCC a  genyen pou se nan men otèl sa yo fe plizyè acha. N ap ale pi lwen, de 27 me a 11 jiye, sou 15 tranzaksyon Smith Augustin fè gen preske 9 ki fèt OASIS, de 18 me jiska 11 jèn Lonick Leandre sou 10 tranzaksyon, li fè 2 nan otèl la e se sèl kote ki repete 2 fwa, pou Louis Gerard Gilles, de 1 jen pou rive 4 out li fe 20 tranzaksyon e preske 7 nan yo ki fèt nan menm otèl la.

Aksyon sa yo sipoze reveye lakay nou ti pati Socrate, Platon, Aristote, Jean Price Mars, Emile St Lot, Jacques Stephen Alexis kap domi lakay nou an, pou nou kesyon jesyon leta a, chèf ki nan tèt nou yo, sa yap fè ak kòb kontribyab yo, eske yo gen etik, eske yo pa kowonpi, konbyen nan yo ki penp, e konbyen jèn fi ki maltrete anba men yo, eske yap ede vre ?

Pou ale pi lwen, konsilte de atik Ayibopost sa yo : 

https://ayibopost.com/les-dessous-du-pacte-de-corruption-entre-des-membres-du-cpt-et-la-bnc/

https://ayibopost.com/author/merancourtw/


Dans les jours à venir, haititchala.com publiera une série d'articles dédiés à chaque entité de l'UEH, vous offrant un aperçu détaillé de leurs programmes et de la manière dont elles peuvent vous aider à atteindre vos objectifs éducatifs.

Nous vous encourageons à vous abonner à notre chaîne WhatsApp haititchala  pour recevoir des mises à jour en temps réel sur le processus d'inscription et poser toutes vos questions.

Préparez-vous dès maintenant pour l'année académique 2024-2025 avec toutes les ressources offertes par haititchala.com.

Si vous voulez connaître les 158 Institutions d'Enseignement Supérieur reconnues en Haïti cliquez ici:

https://www.haititchala.com/2024/09/158-institutions-denseignement.html

Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :


Commentaires

Messages les plus consultés