Passer au contenu principal

En vedette

Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo?

  Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo? Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti ouvri de gwo pwogram bous detid pou etidyan ayisyen chak ane: MOFA Taiwan Scholarship ak ICDF International Higher Education Scholarship. Menm si toude bous sa yo bay opòtinite pou etidye Taiwan, yo gen diferan kondisyon ak avantaj. Ann gade diferans prensipal yo. 1. Lang ansèyman an MOFA Taiwan Scholarship : Tout kou yo fèt an mandaren . Benefisyè yo resevwa yon ane aprantisaj mandaren anvan yo kòmanse etid inivèsitè yo. ICDF Scholarship : Tout kou yo fèt an anglè . Se yon bon opsyon pou moun ki deja pale anglè epi ki vle etidye san bezwen aprann yon nouvo lang anvan. 2. Nivo etid yo finanse MOFA Scholarship : Finanse Lisans (Bachelor), Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) . ICDF Scholarship : Finanse Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) sèlman. Pa gen bous ICDF pou Lisans. 3. Dire bous yo MOFA ...

Kamyonèt cheri, mennen m ale dous ( anons)




Kamyonèt cheri, mennen m ale dous

Nou tout konn monte kamyonèt pa vre ? Nou konn tande tout istwa ki ladan yo ? Yo konn fè w ri ouben reflechi ? Enben ribrik sa fèt pou ou egzakt !

Tan lekti : 2 mn

Nou konnen lavi isit mouvmante, e gen plizyè faktè ki rantre ankont. Pandan kovid19 sa a nap diw rete lakay ou, pran prekosyon, eseye jwe, epi relax pou stress pa fini avèw. Nan moman nou konfine a, sa a pèmèt anpil nan nou sonje anpil bon bagay ki te pase nan vi nou. Se nan optik sa nou vle e pral pataje kèk istwa avèw paske non sèlman yap edew chase stress, yo ap ede w reflechi, men tou yap ede w panse ak kèk lòt bagay ki rive w oubyen ou tande e ki te fèw ri oubyen reflechi.

Istwa pa nou yo gen rapò ak transpò nan peyi a. Depi yo di transpò isit, gen plizyè faktè tankou, blokis, move wout, epi plizyè lòt ki rantre an kont. Men pami tout sa yo, trasnpò komen an pèmèt ou rakontre lòt moun epi tande anpil istwa. Se nan optik sa n ap pote ba w yon ribrik sou istwa n tande oubyen viv kamyonèt. N ap rele l « Kamyonèt cheri, mennen m ale dous » .

Ribrik sa ap relate istwa nou tande, oubyen viv. Pral gen zen, kidonk rale ti chèz ba ‘ w epi koute. Anfèt, nan kamyonèt bis elatriye, moun yo pwofite di tout bagay kap pase sou kè yo tankou pale de prezidan an, madanm yo, fi yap koze, moun ki dwe yo, kòb yo pa genyen, e kèk fwa menm batay ak chofè a. Se tout bagay sa yo n ap gen pou pote pou ou chak vandredi aprè midi lakay ou.

Wap jwen ribrik la sou Haititchala.blogspot.com, an imaj, epi an pdf . Pandan w la, w ap ka tou pwofite gade lot ribrik Haititchala genyen nan dyakout li ki trè enteresan. Gen de moun ki ap pote ribrik sa ba ou. Pou rakonte istwa yo, n ap gen Diplo zabèlbòk epi n ap gen Ekono Pikaso k ap pote desen pou ou epi mete touch final pou nou fèw plezi.

Mèsi chofè ! Mete m atè aprè kafou a. N a rewè ankò.



Pou plis istwa, suiv mwen sou enstagram nan massenainstagram

Pwochen epizòd : M al mande yon demwazèl nimewo l. Gade kisa ki rive !

Jwenn tout atik ribrik la nan : Kamyonèt cheri

Otè : Diplo zabèlbòk 

Si vous avez trouvé cet article intérressant, n’hésitez pas à partager, commenter et nous écrire sur haititchala@gmail.com . Pour être au courant des prochaines sorties, cliquez les liens en bleu pour nous suivre sur instagram au :  haititchalainstagram et sur facebook au : haititchalafacebook.

Commentaires

Publier un commentaire

Messages les plus consultés