Passer au contenu principal

En vedette

Haïti et les États -unis, une relation d'incompréhension

Mwen mande yon demwazèl nimewo l nan kamyonèt. Gade kisa ki rive aprè !

Mwen mande yon demwazèl nimewo l nan kamyonèt . Gade kisa ki rive aprè !

Kamyonèt cheri, mennen m ale dous ( Epizòd 1)



Nou tout konn monte kamyonèt pa vre ? Nou konn mande fi nimewo ladan yo ? Nou konn bay gason nimewo nou ? Enben epizòd sa fèt pou nou !

Tan lekti : 3 mn

Lè m fenk rantre CEDI, pyeton que je suis, mwen te konn tande tout istwa e viv yo nan kamyonet oubyen bis. Men gen yon jou, se mwen ki pral aktè a epi resevwa yon gwo kout rach nan zo kawo do m, menm jan pyè te bay Jezi menm kout rach sa nan do l.

Yon jou m ap sot lekòl, vès sou mwen en mòd barbo zuzu, m chita nan yon kamyonèt pou m ka al Shada. Rapid vit, gen yon dam ki vin chita sou ke vès la. M pa bezwen di nou ki mizè m pase pou m fè li leve. Apre sa yon bèl ti dam Bondye fè a 2 men l pran plas li a. Rapid vit nou kòmanse pale. Nou bay blag epi pataje kèk istwa. Nou konn jan bagay la ye, se ti sakad pou w fè pandan wap bay fil.

Lèm rive Shada, machin nan kanpe epi nou desann. M pran grate tèt lè lè a rive pou m al mande nimewo l. Chans pou mwen, nou monte menm kamyonèt pou nou ateri Kwadeboukè. Lè nou nan kamyonèt la , ti dam nan dim : «euh... se santo 15 map desann ui » . Kou m tande sa, ti sakad tounen gwo sakad, presyon an ap ogmante, epi tout moun nan machin nan ap swiv konvèsasyon an.

Lè li preske rive, m fennen figim, m mande nimewo a. Li reponn wi, epi biw ! Nimewo pral tonbe.  Li di m nimewo a byen fò, m pantan! Men m kontan tou paske m gentan di nan tet mwen, se paske li vle sèten mwen byen anrejistre nimewo a. Li desann machin nan, epi mwen kontinye wout mwen.

Lè m rive lakay la, m pa salye okenn moun.  Tom Cruise gen gwo misyon pou l ranpli nan pita. Rapid vit m al domi pou retire fatig. Aprè m leve, m manje, enèji m gentan nan mwen, epi m rale telefòn. M fè repetisyon salitasyon, m fè repetisyon vokal paske fòk nou pa bliye se tout ekip la ki nan batay, m  pa gen dwa pou m fè erè.

Apèl pase, li reponn. Mwen an mòd sòm 23, ma coupe déborde de joie, epi boum ti dam nan rete kèm. 
Li dim : 
       - « sa fè 5 gason ki rele m, ki di m jodi a m ba yo nimewo m nan yon kamyonèt kwadeboukè.                  Oumenm ou fè 6 ou sou kou tou ? 

M pran bege sou plas m di l :
       -WOY, ki ki ki sa www di di m la !!!

Limenm li tou reponn
     - Pa menm vin fè pòz bege w la, dayè, m jwen bon an deja ».

Mpa kwè m bezwen di plis. Nouvèl la ravajem. M pran rakonte l depi se anekdòt m konn sou CEDI, dayè m te menm santi se mwen ki direktè lekòl la telman map bay prèv sou CEDI pou l wè se mwen ki tap pale avèl la et que de droit se avè m li annafè. Malerezman , m pèdi batay la. Jwè nimewo 7 la  pouse m on bisiklèt byen sèk.

Èske gen yon konfrè m sa rive deja ? Si wi, mesye vinn jwen mwen nan baz la, m ap bannou konsèy , dayè m pran kou a avan nou tout.


Pou plis istwa, suiv mwen sou enstagram nan massenainstagram

Pwochen epizòd : Zanmi Etzè a manke mouri.

Jwenn tout atik ribrik la nan : Kamyonèt cheri

Otè : Diplo zabèlbòk 

Si vous avez trouvé cet article intérressant, n’hésitez pas à partager, commenter et nous écrire sur haititchala@gmail.com . Pour être au courant des prochaines sorties, cliquez les liens en bleu pour nous suivre sur instagram au :  haititchalainstagram et sur facebook au : haititchalafacebook.

Commentaires

Messages les plus consultés