Passer au contenu principal

En vedette

Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo?

  Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo? Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti ouvri de gwo pwogram bous detid pou etidyan ayisyen chak ane: MOFA Taiwan Scholarship ak ICDF International Higher Education Scholarship. Menm si toude bous sa yo bay opòtinite pou etidye Taiwan, yo gen diferan kondisyon ak avantaj. Ann gade diferans prensipal yo. 1. Lang ansèyman an MOFA Taiwan Scholarship : Tout kou yo fèt an mandaren . Benefisyè yo resevwa yon ane aprantisaj mandaren anvan yo kòmanse etid inivèsitè yo. ICDF Scholarship : Tout kou yo fèt an anglè . Se yon bon opsyon pou moun ki deja pale anglè epi ki vle etidye san bezwen aprann yon nouvo lang anvan. 2. Nivo etid yo finanse MOFA Scholarship : Finanse Lisans (Bachelor), Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) . ICDF Scholarship : Finanse Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) sèlman. Pa gen bous ICDF pou Lisans. 3. Dire bous yo MOFA ...

Koze yon avoka avèk Batonye Monferrier DORVAL.

 

Koze yon avoka avèk Batonye Monferrier DORVAL.


Avoka: Alo, Alo Batonye Dorval !

Batonye: Se kiyès?

Avoka: Se mwen menm Baton, youn nan konfrè w yo.

Batonye: Fòk ou ta pale vit wi paske m pa gen tan kote m ye a.

Avoka: Mwen rele w paske mwen pa wè w depi de mwa.

Batonye: Kote m ye a, okenn konfrè pap ka wè m ankò.

Avoka: Pou kisa Baton, e tout bèl pwogram ou te genyen pou egzekite yo ?

Batonye: M regrèt konfrè, Mwen pap ka egzekite yo ankò paske pouvwa gentan ekzekite m !

Avoka: Non, Mèt Dorval, ou paka fè nou sa, nou te twò kwè nan ou!

Batonye: Malgre bòn volonte m, mwen pap kapab ankò.

Avoka: Pou kisa? Anpil avoka, jèn tankou ansyen nan pwofesyon an, nou tout te pare pou n te travay avèk ou.

Batonye: Konfrè m, sa ki te rive m nan dat 28 dawout a bloke m nan tout sa m te vle fè pou Bawo a avèk Peyi a.

Avoka: Baton, ou pa la, men genyen yon lòt Batonye nan tèt Konsèy la pou kontinye egzekite pwogram ou yo e pou ede w jwenn jistis.

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION


Batonye: Ede m jwenn jistis? M pa kwè!

Avoka: Pou kisa ou pa kwè?

Batonye: Pouvwa te egzekite: Mèt Mireille Durocher Bertin, Yves Volèl, Pè Joseph Simoly; okenn nan yo pat jwenn jistis, ou kwè ke se mwen ki ta vinn jwenn jistis? 

Avoka: M kwè wap jwenn jistis paske ou te pwofesè, avoka epi Batonye!

Batonye: Konfrè, poze w non! Konnen ou pa konnen kiyès yo rele avoka Bawo pòtoprens. 

Avoka: Kiyès yo rele, Batonye!

Batonye: Anpil nan avoka Bawo a, se gran van tilapli yo ye. Yo avèk ou, lè sa cho; kou sa frèt, yo bay vag. Epi, ou konnen gen anpil nan yo ki genyen ti enterè pèsonèl yo yap defann nan Pouvwa a, se patatis yo ye. 

Avoka: Pou kisa ou pale konsènan enterè pèsonèl ?

Batonye: Anpil nan yo gen pòs nan Pouvwa a, yo pa vle pran pozisyon piblik nan dosye m nan pou patwon an pa revoke yo. Gade pou wè si map jwenn jistis !

Avoka: Nou menm nan Bawo a, nou di ke fòk gen yon egzanp ki trase nan dosye w la; fwa sa a, pap gen lankèt sepouswi; nou di non, pap gen sa pyès!    

Batonye: Kite m ri! Pi fò avoka nan Bawo a, se aloral yo ye wi. Gade pou wè, wap banm rezon, dosye m nan ap fini menm jan avèk lòt yo: nan tiwa Kabinè Lenstriksyon ki ap kase fèy kouvri sa jiskas ke tout moun rive bliye m.

Avoka: Ki dènye mo w, Batonye Dorval?

Batonye: M pa regrèt nan vi m ke mwen te toujou ap swiv tras papa m avèk manman m: onè, diyite e respè. M te toujou di sa m panse lib e libè; Monferrier DORVAL pat janm mare nan pye tab: ni PHTK, ni Opozisyon an, ale wè pou l ta bezwen pòs avèk privilèj. Pou sa yo ekzekite m nan, map di e map di l ankò: " Peyi a pap ni dirije, ni administre".

Jacques MÉRÉUS, avocat et ancien diplômé de L'ENS, Section: Lettres Modernes.

Facebook Twitter Instagram .         

Commentaires

Messages les plus consultés