Dosye Natacha Vs Ti Djo , plis detay

 Dosye Natacha Vs Ti Djo , plis detay 

Pandan jou sa yo, e petèt gras ak Kowona Viris anpil atis ateri sou rezo sosyo yo, genyen kap bay konsèy , genyen kap fè nou ri, e menm genyen kap kreye sansasyon lakay nou. Pami atis sa yo, nou genyen Natacha , fanm eyyyyyyyyyyyy woooooooooooy la. Natacha komanse bon jan fè hit depi lè yon jèn ti bway deside twonpe ‘l epi manje kòb li, e deside pale li mal aprè. Natacha komanse gen falowè, e li konn bay medam yo kèk konsèy tou, tankou medam leve al leve…… ou, oubyen fòk ou fre pou nèg ou,  Fòk nou di tou Natacha ap bay vizaj yon fanm vanyan ki pa pè pwofite de rezo sosyo yo pou li fè kòb e van tèt li pandan li kenbe yon bon ti nivo moralite, sou baz sa nap tou diw ‘’ prenez note’’.

Yon lòt bò, nou gen Ti Djo , ebyen atis sa travèse kèk jenerasyon, sòti nan konpa kreyòl, ateri nan lòt Djaz e nan moman an li se lidè kreyòl la. Eske ti Djo kòn chante? Repons sa nou pa genyen ‘l, men yon bagay ki sèten, Ti Djo fè moun nan danse e lap konnen yon siksè nan mond mizikal la. Epi nou paka bliye tou , kèk mizik li fè, ke jiskaprezan ke Jenès la paka bliye tankou premye semèn li pa vini, dezyèm semen li pa vini……. Epi yon lòt mizik ki di , triye, triye pouw jwen yon bon grenn.

Ebyen nan menm koze triye sa a,  Natacha rive konsidere jèn ti bway sa pou crush li. Li te yon admiratè an sekrè, dayè se ka anpil jèn fi isit pou Ti Djo, daprè kèk temwanyaj, medam yo di, nèg la konn abiye, li santi bon, li konn pale e li gen stil, bon nap priye pou jenès feminen an pa fè jalouzi touye madan Ti Djo. Ebyen nan semen ki sot pase a , Ti Djo site non Natacha na yon bal li tap fè. Ebyen nou tout te ka wè kontantman Natacha aprè eveneman sila a. Natatcha sèmante se li ki pou abiye Ti Djo pou fèt li, tenis, Kostim elatriye koute Natacha bon ti kòb , dayè Natacha repete, sa yo pa chay, jèn bway la merite sa.

E bò kote pal , ti Djo nan ògan Kreyòl la , di Natacha mèsi , e yo tou pwofite daprè yon nòt kap sikile sou rezo yo, invite Natacha nan bal ke yap fè, e yap peye avyon , otèl, e asire sekirite Natacha sou ti bout tè papa Desalin nan. Tout sa pèmèt nou wè koman bagay la komanse vanse nan HMI la. Atis pa pè atis, yo kolabore e yo menm gen relasyon ki ale lwen menm jan ak Scandy kap fèl pa dèyè ak lòt jèn ti bway la…


 Nou rekòmande w atik sa a:5 medam ki pi bèl nan HMI la


Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION


Publier un commentaire

0 Commentaires