Steve J Bryan , Trap King

 

    Steve J Bryan , Trap King

Kiyès ki pa konn Steve J Bryan, ti bway 1 + 7 la, ti bway Highmind lan. Si kèk moun konnen l antanke yon atis ki gen kapasite pou li chante nenpòt tandans, gen kèk lòt moun ki konnen l antanke Wa Trap Kreyòl la. Atis la pwodwi anpil mizik nou toujou pran tan nou pou nou tande kelke swa klas sosyal, apatenans mizikal. Ebyen pou yon lòt fwa Steve J. Bryan prezante nou yon albòm ki gen plizyè atis ak anpil track ki ka pouse dife.

Wa Trap la komanse an solda , premye mizik sou albòm nan rele lame, Master Brain melanje ak king nan pou lage yon mizik ki pwouve ke Trap kreyòl  la gen mèt, e Master a tou pwofite di Bedjine lap rive sou li an granmoun. Epi li kontinye ak Sous pou pwouve nan sektè sa, li se youn nan moun ki gen pi bon enpirasyon nan mouvman, se sak fè li pouse yon trap king pou kore zèv li yo nan mouvman an , dayè ou pa ka gwo antrenè nan ti ekip.

Antanke mèt mouvman an, Steve J Bryan komanse ankadre pepinyè yo, yon trak Fek Kare Pran ak the plug k ap lave yon sistèm ki foul ak tach epi Cator G Shyyt kap bay trap epi tap, men Steve pwouve reyèlman  l ap kwit trap la nan bon lwil, pandan li kontinye ak Tikawo trafik pou vin lage motivasyon pou jenès la, e lap pwofite di yo ka avi se yon lit pou w ka siviv pa pè lite, pou fini ak pati sa, king nan lage yon pa ka stop, pou dekri fason li detèmine pou mete trap Kreyol la nan yon lòt nivo e sa l ap fè a li fò ladan l depi lè nèg yo ap jwe foutbòl ak po tampico.

Twazyèm pati albòm nan twadwi pa dife, nou jwen fanm chè a , Phyllisia Ross ki lage an kreyòl, panyòl epi anglè pou di kòman li gen dinero sou yon track an ò, " i shake it cuz it is mine", sou trak sa n ap salye moun nou konnen an ( lol). Douzèdtan aprè li lage yon mechan videyo kote n rive wè fanm chè a nan tout bote l. Epi Florence el Luche vin mande Steve pou bal tout, li ka pran youn a 5 mèt, menm jan Steve bay …. an pou li fè l fè sòs, pandan ti tonton l lan ap bay lwil. Steve deside aprè lap fin ba li tout, lap lage nan Pwogram ak Jean Luc Verna pandan l ap priye pou dada l lage en mòd Zeng Deng Deng.

Antuka, n ap envite w plede tande albòm nan pandan ke Steve pwouve ke yon bò 1 + 7 egal 8 men yon lòt bò 1 + 7 = 10 bon trak malè.

Nou rekòmande w atik sa a:5 medam ki pi bèl nan HMI la


Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés 


Commentaires

Messages les plus consultés de ce blogue

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Tchala examens de 9e année 2023

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)