Bitcoin 30 000$ oubyen 100 000$

 

Bitcoin 30 000$ oubyen 100 000$

Sa fè kek tan la Bitcoin lan ap konsolide nan ranj 46 000$- 50 000$. Mwa septanm lan enpòtan anpil pou avni valè Bitcoin lan. Depandaman koulè kloti bouji mwa sa a, lap endike si Bitcoin lan ap pwolonje ak tandans alawos oubyen si li pral antre nan koreksyon. Se sak fè anpil eskpè kwè swa l retounen 30 000$ oubyen pike pou 100 000.
Men sa Bitcoin lan dwe fè nan mwa kap vini an, pou li espere on pri a 6 chif nan fen ane oubyen kòmansman 2022 :
Onivo teknik, fok li pa sispann depase « 200-moving average » épi fok « Moving Average Convergence Divergence (MACD) » pase liy signal lan. Nap raple nan semènn avan semènn pase MACD an « weekly » te rive depase liy signal sa ki pat janm fet depi onz mwa. Dènye fwa sa te fèt Bitcoin lan te antre nan on « bull run » ki dire plis pase 6 mwa.
Onivo fondamantal, fok « Inflow » nan Bitcoin lan kontinye pwogrese épi aktè enstitisyonèl yo kontinye achte bitcoin. Menm jan MicroStrategy sot fel denyeman. Lòt bagay tou, fok minè bitcoin yo kenbe « Hashrate » lan wo.
Onivo makwo, Bitcoin lan bezwen pou bank santral amerikèn kontinye ak posti monetè « dovish » lan pou likidite te ka toujou dirije al jwenn mache bousye an. Yon remonte to enterè pap nan avantaj ni Bitcoin ni lòt aktif sou mache bousye an. Nan denye reyinyon an, bank santral la di lap « taper » men lap fon fason pou kenbe to enterè yo nan nivo ye an. On dènye eleman ki ap enpòtan pou BTC an, se lè SEC pral deside apwouve demann on ETF bitcoin.
Pou lòt kriptomonè yo: Solana, Elrond ak Gaming tankou Token Sandbox, Flow ak Axie Infinity yo ranpòte lamayòl jodia. Solana se kriptomonè nan Top 10 lan ki plis pwofite denye mouvman wosye an. Nan 30 dènye jou, Solana (Sol) ogmante pou plis pase 245,2%. Nan seyans trading jodia, li depase ba sikolojik 100$.
Gen yon rezon fondamantal ki alabaz bel ogmantasyon Solana. Anpil developè « kontra entèlijan », « Dapps » ak « DeFi » chwazi loje nan blockchain Solana akoz pwoblèm konjesyon epi pil frè tranzaksyon ki lye ak rezo « Ethereum ». Avan Ethereum pase nan vèsyon 2.0 anpil pwojè ap vòlè itilizatèl. Nou panse ak Cardano, Polkadot, Solana, Elrond. Blockchain, yo « pro anviwònman » epi yo « Scalable », sa vle di vitès tranzasyon yo elve.

Cangé Samuel

Commentaires

Messages les plus consultés de ce blogue

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Tchala examens de 9e année 2023

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)