Sak te vrèman pase jou 4 oktòb la nan dosye Fesbouk la

 


Sak te vrèman pase jou 4 oktòb la nan dosye Fesbouk la

Jou ki te 4 oktòb la, fesbouk ak kèk lòt reso sosyo te tonbe. Kèk nan nou akize Digicel ak Natcom, kèk nan nou limen telefòn epi etenn, kèk nan nou menm panse se te pwoblèm ki gen awè ak bagay mistik. Men Fesbouk non sèlman mande eskiz pase li admèt koman sa te afekete biznis ak patikilye epi li di sak te pase reyèlman.

Ebyen jou sa, gen yon enjenyè nan Fesbouk, pandan mentenans ap fèt, li fè yon kòmand e kòmand sa de fason non entansyonèl kraze tout koneksyon ki nan manman sistèm nan e ki dekonekte done fesbouk yo de tout mond lan. Fesbouk rasire yon lòt bò ke pandan moman sa , siw te gen yon piblisite ki tap pase sou Fesbouk, yo pap fèw peye, epi nan jou ki te 8 oktòb 2021 an, te gen yon ti pwoblèm ki te poze sou menm pwoblèm sa, te gen kèk moun ki te gen pwoblèm pou yo gen aksè ak kèk aplikasyon ke Fesbouk anglobe, e Fesbouk te remake sa, e yo rezoud li byen rapid.

E nan optik sa Fesbouk ap etidye koman ensidan sa te gen enpak sou kliyan li yo e nan menm moman sa tou develope plan pou ka rektifye nenpòt pwoblèm ke Fesbouk idantifye e san enkli tou, dedomajman pou kliyan ki te sibi enpak ensidan an. Fesbouk konsyan ke stabilite vrèman enpotan pou moun yo e se pou sa yap kontinye travay pou evite ensidan sa pwodwi e kèk lòt ensidan sanblab. Se menm jan Santosh Janardhan di l’’ pwoblèm sa yo se yon opòtinite pou aprann epi pou w vin mye e gen anpil bagay k’ap pèmèt nou aprann de pwoblèm sa.

Commentaires

  1. Lucky Club Casino site - LuckyClub Live
    Lucky Club casino. Established: 1874. Welcome Bonus: 100% Welcome Bonus up to 100% up to £20. luckyclub.live Play with: UK Players. Sign up with LuckyClub and you will be

    RépondreEffacer

Publier un commentaire

Messages les plus consultés de ce blogue

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Tchala examens de 9e année 2023

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)