Bouwo nou yo pran n pou Bouki
Se konsa ganstè ak granmanjè isit ap boure nou, yo boure n a yon lavi chè depi ti katkat. Malgre nou plenyen, men finalman yo fè n abitye avè l jiskaske n wè yon mamit diri vann plis pase 500 goud. Si n nan kontinye reflechi sou kisa n pral manje, nou pap enmède yo. Mesye bouray yo fè n aksepte viv ak yon lavichè fabrike kòm si l pa afekte nou. Yo enstrimantalize n pou n pote chay pou yo, pandan setan tout ti pyebwa pou n ta repoze pandan n ap mache ak do n ranpli, yo koupe yo, kounya solèy mizè a kale nan po do n, n ap chache yon ti lonbray nou pa ka jwenn, yon soulajman sèlman pèp la te vle.
Bouwo yo te gentan boure n deja ak yon vi ak yon modèl kouran pa okazyon, kòm nou te toujou aksepte yo ban nou kouran lè yo vle, ebyen, finalman men yo pran kouran nèt yo pa janm bay li ankò. Èske EDH se yon ansyen Sig ? Kòman mwen pral defini SIG sa a si m pa janm ni jwenn, ni wè, ni tande pale de kouran Ayiti ankò ? Mesye bouwo yo pran n pou Bouki. Bouwo yo te gentan fè n abitye a yon Edikasyon tèt anba, plizyè lekòl k ap fòme plizyè elèv pou plizyè kategori. An pasan bouwo isit fè n abitye a yon sistèm edikatif, kote kouch ki reyèlman bezwen asistans ekonomik ak sibvansyon yo, se yo menm ki jwenn plis dekourajman. Damyen nan konkonday li ya se yon gwo parapli pou kèk gwo chabrak kongreganis itilize malgre se nan yon ti solèy 8è nan maten yo ye, poutan gen moun ki bezwen yon moso tapi sèlman pou itilize nan yon solèy Midi a 2è yo pa ka jwenn. Y ap eseye lontan sa a wi pou yo fè n abitye ak ensekirite a, men malgre yo fòse n aksepte l, men nou pa ka abitye avè l vre.
Yo fè n abitye ak gwo dosye jiskaske n pa gentan ankò pou n panse ak yo, paske tanzantan y ap kreye sansasyon, nouvo dosye pou yo jwe sou konsyans nou ak entèlijans nou. Finalman yo fè n abitye ak fason n ap viv la. Yo boure n jan yo vle, malgre pa gen espas ankò pou foure pwoblèm, men Nèg yo boure l kanmenm, se kòmsi viv nan fènwa pat ase pou nou, viv ak lavi chè fabrike a, viv ak pwoblèm lopital la, viv ak chomaj elve a, viv ak pwoblèm sosyoedikatif yo, viv nan grangou, lamizè a pat ase pou nou, y ap kreye fason pou n nòmalize Ensekirite a lakay nou, men m jan yo gentan fè n abitye ak anpil lòt move kondisyon moun viv deja. Y ap boure kotidyen chak jou ak tout kalite pwoblèm, men jan lè w ap boure yon sak, yo fè kòmsi yo pa wè pa gen espas ankò pou n resevwa pwoblèm .
BOSSÉ Cliford
Commentaires
Publier un commentaire