Passer au contenu principal

En vedette

Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo?

  Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo? Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti ouvri de gwo pwogram bous detid pou etidyan ayisyen chak ane: MOFA Taiwan Scholarship ak ICDF International Higher Education Scholarship. Menm si toude bous sa yo bay opòtinite pou etidye Taiwan, yo gen diferan kondisyon ak avantaj. Ann gade diferans prensipal yo. 1. Lang ansèyman an MOFA Taiwan Scholarship : Tout kou yo fèt an mandaren . Benefisyè yo resevwa yon ane aprantisaj mandaren anvan yo kòmanse etid inivèsitè yo. ICDF Scholarship : Tout kou yo fèt an anglè . Se yon bon opsyon pou moun ki deja pale anglè epi ki vle etidye san bezwen aprann yon nouvo lang anvan. 2. Nivo etid yo finanse MOFA Scholarship : Finanse Lisans (Bachelor), Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) . ICDF Scholarship : Finanse Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) sèlman. Pa gen bous ICDF pou Lisans. 3. Dire bous yo MOFA ...

Yon polisye ap ranpe sou do pandan yon operasyon, Èske sa lojik !!!

 

Yon polisye ap ranpe sou do pandan yon operasyon, Èske sa lojik !!!

Dènye jou sa yo, li pa etonan pou tout moun Solino Bèlè leve cho. Prèske chak jou gen tire. E preske chak jou sa yo, popilasyon an toujou ap mande ranfò lapolis. Batay sa t ap fèt pou gang sa yo ka genyen plis teritwa epi simen terè lakay pèp la.

Men, gen yon videyo lapolis lage komkwa yo te pote ranfò bay pèp la ki se yon bagay yo fè pa devwa epi nan sousi pou retabli lapè nan katye sa yo. Men videyo a fe nou poze anpil kesyon. Gen youn nan polisye yo ki chwazi ranpe. Bon, ranpe souvan fèt nan sitiyasyon sa yo, sitou si moman an mande sa. Men poukisa ranpe sou do a ? Li te ka toujou ranpe, men dabitid se sou vant, e si li ta di, li ta vle ranpe sou do pou li te ka gen yon vizyèl sou kote l ap soti a, men nan ka sa 2 lòt polisye yo te ka kouvri pou li.

Kounye a gen yon lot pati ankò ki enterese nou, se kote polisye a ap tire a. nou petèt ka wè, l ap tire anlè, san l pa vrèman gen yon vizyèl sou sib la. Sa fè anpil moun poze kesyon, poukisa yon polisye chwazi tire anlè konsa ? Èske bandi yo se nan syèl yo t ap soti? Jan peyi a di, èske l nòmal pou yon polisye ap gaspiye minisyon konsa?  Èske lapolis la p ap pedi konfyans pèp la ak yon videyo konsa ? Èske si yon moun mande fòk lapolis gen sipò etranje pou li aji, eske moun sa gen rezon ? Poukisa lapolis se videyo sa li chwazi pataje? 

Videyo sa, fè anpil kesyon ap poze, e n ap di mèsi ak konfrè polisye sa ki bay ranpe sa an mòd ranbo pou sove lavi popilasyon an. Men lyen videyo a : https://www.instagram.com/p/C2QwuvypQAn/?igsh=MWlubWZycGcxbjJiNA%3D%3D&img_index=2

Liens vers les autres articles:

https://www.haititchala.com/2023/11/le-scandale-de-lona-comment-86-millions.html

ONA encore, ONA toujours: Scandale de Corruption sur la location de voitures à l'ONA

La Routine de la Corruption : Le Sénat Haïtien Toujours dans la Tourmente !

Corruption au MENFP : Révélations Explosives de l'ULCC en 10 Points Choc

Greffier Complice : Comment l'Ex-Sénateur Willot JOSEPH a Tenté de Duper Tout le Monde avec un Certificat Faux !

Révélations Choc : Le Scandale des Bourses d'Études Russes Ébranle le Gouvernement Haïtien !

Nènèl CASSY Démasqué: Les Manœuvres Illégales Exposées par l'ULCC dans une Enquête Choc

Lien pour télécharger le rapport complet :
Pour une compréhension approfondie, vous pouvez télécharger les rapports complets directement sur le site officiel de l'ULCC à l'adresse suivante : [ Lien vers les Rapports Complets de l'ULCC
].

Klike sou lyen sa a, si w vle pibliye sou haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Ann konekte sou 

Commentaires

  1. Pou ranpe sou do a, m konn wè kèk polisye, sòlda fè sa. Men li fèt raman. Men pou tire san gade a, sa konn fèt wi men omwen yo konn pozisyon bandi yo, yo pa konn mete bouch zan nan anlè, yo konn mete l anba nan direksyon bandi yo.

    RépondreEffacer

Publier un commentaire

Messages les plus consultés