Passer au contenu principal

En vedette

Siyifikasyon Kache Dreadlocks yo

Siyifikasyon Kache Dreadlocks yo: Yon Vwayaj Nan Tan ak Kilti Entwodiksyon Dreadlocks se plis pase yon stil cheve; yo se yon senbòl ki gen gwo valè kiltirèl ak espirityèl. Atik sa a eksplore rich istwa ak anpil siyifikasyon dreadlocks yo, pandan li antre nan orijin yo ak evolisyon yo nan divès sosyete. Orijin Istorik Dreadlocks yo remonte nan sivilizasyon ansyen tankou Ejip ak Lagrès. Nan sosyete sa yo, dreadlocks te souvan wè tankou yon reprezantasyon pouvwa ak sajès. Ansyen Ejipsyen yo, pa egzanp, te asosye dreadlocks ak espirityalite ak idantite, kwè ke yo konekte moun ak rasin espirityèl yo. Siyifikasyon Kiltirèl Nan plizyè tribi Afriken, dreadlocks senbolize sajès espirityèl ak idantite kiltirèl. Yo souvan wè kòm yon manifestasyon fizik koneksyon yon moun ak zansèt yo ak mond espirityèl la. Mouvman Rastafariyen an nan Jamayik montre plis siyifikasyon kiltirèl dreadlocks yo. Pou Rastafaryen yo, dreadlocks se pa sèlman yon stil cheve men yon senbòl rezistans kont nòmal sosy...

Pwen kle diplomasi Ayiti : 12 mas 1806: Kreyasyon Drapo Venezyela nan Jakmèl

 

Pwen kle diplomasi Ayiti
12 mas 1806: Kreyasyon Drapo Venezyela nan Jakmèl


Nan istwa diplomatik Ayiti, 12 mas 1806 se yon dat enpòtan ki make patisipasyon Ayiti nan pwosesis endepandans Amerik Latin nan. Anba lidèchip Francisco de Miranda, Ayiti te yon pwen esansyèl nan lit pou libète kont kolonyalis panyòl nan Gran Kolonbi, kote Venezyela, Kolonbi, Ekwatè ak Panama te fè yon sèl. Dat sa a pa sèlman yon siy solidarite ant Ayiti ak lòt nasyon nan Amerik Latin nan, men li se tou yon moman ki montre enpòtans peyi a nan chanjman istorik rejyonal la.

Pwen kle:

  • 1805: Francisco de Miranda, yon jeneral ki t ap lite pou endepandans Gran Kolonbi, chèche èd an Ayiti apre li te jwenn refi nan men lòt peyi yo.
  • Fevriye 1806: Miranda, ak 200 sòlda, pati soti ''New York'' pou Ayiti. Li te pote ak li zam, minisyon, ak yon enprimè.
  • 19 Fevriye 1806: Veso Miranda, Léandre, rive nan pò Jacmel, kote jeneral Magloire Ambroise ak lòt otorite lokal yo te byen resevwa l.
  • Reyinyon ak Dessalines: Miranda te rankontre ak Anperè Jean-Jacques Dessalines, ki te konseye l sou kouman pou li kontinye lit la avèk menm metòd ki te fonksyone nan lagè endepandans Ayiti a.
  • 12 Mas 1806: Miranda te kreye drapo Venezyela a nan Jacmel ak twa bann orizontal (jòn, ble, ak wouj), drapo sa a te vin drapo nasyonal Venezyela.
  • Jès senbolik: Anvan li pati, Miranda te resevwa yon epe nan men jeneral Alexandre Pétion, e li te fè yon sèman de lwayote pou libète Amerik di Sid kont tout lènmi.
  • Pwojè pa reyalize: Malgre tout efò, Miranda pa t kapab libere Gran Kolonbi a nan lit sa a, men 10 an pita, Simon Bolivar, ak sipò Ayiti, te finalize batay pou endepandans lan.

Refleksyon :
12 mas 1806 se yon dat ki montre solidarite ak angajman Ayiti nan batay pou libète ak endepandans nan rejyon an. Ki sa sa di sou enpòtans diplomasi ak koperasyon entènasyonal nan moman difisil yo? Nan monn lan jodi a, ki jan Ayiti ka kontinye sèvi kòm yon pyonye nan pwomosyon libète ak dwa moun?

NB :
Atik sa a se yon adaptasyon. Pou plis konpreyansyon sou enpak Ayiti nan istwa diplomatik, li ta itil pou w eksplore liv Les grandes dates de l’histoire diplomatique d’Haïti: De la période fondatrice à nos jours pa Wien Weibert ARTHUS,  Edisyon L’Harmattan pibliye.

Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :


Commentaires

Messages les plus consultés