Chef Leen Excellent : Goute m, wap renmen m!!!
Chef Leen Excellent : Goute m, wap renmen m!!!
Non sa ka parèt familye, e non sa ka fèw panse ou tande l
yon kote deja. Ebyen ou pa bezwen nan dout, ou tande non sa sou tout rezo yo
paske gwo potorik fanm sa deside leve eskanp figi peyi Dayiti sou echèl entènasyonal
la. Li
deside patisipe nan yon konkou ki se ‘’ longest individual cooking marathon’’. Se
yon konkou kote yon moun ap pase plizyè jou ap fè manje, e jiskaprezan se yon Ilandè
ki kenbe rekò a. Men nap tou pwofite diw pandan ou pral chofe chef Leen anba
tout paj rezo yo pou ankouraje l, men kèk kritè konkou a :
1) Moun
nan dwe kanpe pandan lap fè
manje a depi nan komansman rive jouk nan fen an.
2) Li
gen dwa pou li manje, bwè ji, pou li bwè dlo epi pran glikoz.
3) Li
pa gen dwa bwè kafe oubyen lòt bwason enèjik.
4) Li
gen dwa a 5 minit poz chak inèdetan.
5)
Li gen
dwa a 2zè tan domi pandan 24 trè.
6) Li
dwe gen yon sètifika medikal ki ateste li kapab patisipe nan konkou a.
Pa
ezite al chofe chef Leen, ankouraje
l , e nap dil mèsi pou kouraj li, e pou drapo Ayiti a lap flote pi wo.
Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :
- Ale nan ribrik tchala egzamen ofisyèl yo la : https://www.haititchala.com/p/tchala-ns4.html la : https://www.haititchala.com/p/tchala-9eme.html epi la : https://www.haititchala.com/p/ti-sekre-ueh.html
- Ale nan ribrik sante a la : https://www.haititchala.com/search/label/Sant%C3%A9
- Ale nan ribrik seksyalite a la : https://www.haititchala.com/search/label/Sexualit%C3%A9
- Ale nan ribrik edikasyon an : https://www.haititchala.com/search/label/%C3%89ducation
- Ale nan ribrik istwa a la : https://www.haititchala.com/search/label/histoire%20et%20politique
- Découvrez la réalisation des chefs d'États à travers ce lien: Le Chef d'Etat en plusieurs points
Klike sou lyen sa a, si w vle pibliye sou haititchala.com : InfoPUBLICATION
Commentaires
Publier un commentaire