En vedette

🔴 Kijan Plajya, Oralite, ak Parès Entèlektyèl detwi konpreyansyon etimoloji nan Kreyòl Ayisyen 🔴

 


🔴 Kijan Plajya, Oralite, ak Parès Entèlektyèl detwi konpreyansyon etimoloji nan Kreyòl Ayisyen 🔴

"Que le Colon guette ta mère ! C'est ma race ça ?" 😡Depi byen lontan, anpil moun ap envante etimoloji plizyè mo ak ekspresyon nan kreyòl Ayisyen. Men sa ki pi grav toujou se lè lenguis sou baz plajya ak parès entèlektyèl envante etimoloji tou pou mo tankou zuzu, tchanpan elatriye...

Nan chak lekòl, chak diskisyon sou lang, chak emisyon ki vle montre “richès lang kreyòl”, souvan gen men ki leve pou eksplike orijin mo tankou “marasa”, oswa “kolangèt manman w”. E chak fwa, menm istwa yo parèt: “marasa soti nan fraz franse ma race ça”; oswa “kolangèt manman w se ‘que le colon guette ta mère’”. 🧏🏾‍♂️

Nou tande istwa sa yo depi lekòl. Yo repete lakay, nan fowòm sou entènèt, nan liv, e menm nan inivèsite. Sa vin ba yo valè nan pwen, nou tèlman repete yo souvan, yo vin sanble laverite. Men si nou poze tèt nou kesyon, si nou fouye pi fon, nou va wè sa ki sanble evidan ak je ki pa toujou syantifik, se souvan imitasyon, fantezi, oswa, pi mal toujou: kopye-kole san okenn kritik metodolojik. 🔍

Nan atik sa, mwen pa sèlman pale de erè etimoloji. Mwen montre tou kijan entèlektyèl, moun ki gen tit “lenguis”, “doktè”, “ekspè”, souvan konplis, san reflechi, nan mete verite lengwistik Ayiti sou yon teren glise. E mwen vle klè sou sa: fo etimoloji pa toujou inosan, e yo pa senpman yon seri bèl ti istwa popilè. Yo kontribye dirèkteman nan devalorize lang nan, nan pwopaje lide kreyòl se yon brikolaj, yon move kopi franse, yon bagay ki pa merite ni respè patikilye, ni syans, ni literati. 🚫📉

Anpil nan fo etimoloji sa yo soti swa nan oralite ki pa janm verifye, swa nan taktik pedagojik parese, swa menm nan plajya kote, chèchè ki ta dwe ka louvri je kominote li, ap tradui oswa kopye-kole atik sou mo ki sanble, epi aplike yo sou kreyòl san okenn kritik lengwistik. 📎

An nou pran egzanp mo “zuzu” a. Gen yon atik sou entènèt la, kote otè a ki se yon lenguis, di mo a soti nan non Ongwa Suzanna, ki li menm soti nan ebre Shoshanna. Lè ou li atik la, ou remake li se yon tradiksyon mo pou mo yon paj sou non “Zuzu” sou yon sit espanyòl ki ap dekri ti non ti fi. Pa gen okenn lyen ak Ayiti ladan li, pa gen okenn analiz sou sistèm fonolojik oswa semantik kreyòl ayisyen an. Men sa ki pi di a, otè a site kòm referans, yon fraz nan yon woman Ayisyen ki rele Les Brasseurs de la ville. Men otè woman sa a se yon kreyòlofòn, ki fè li pi absid pou di se franse liv li a ki enfliyanse kreyòl, olye kreyòl la ki enfliyanse ekriti li. 😵

Men fo etimoloji sa yo, pa limite ak “zuzu” sèlman. Lè w tande moun ap eksplike “kolangèt manman w” soti nan que le colon guette ta mère, sa ka sonnen emosyonèl, sa ka sèvi nan sansibilizasyon kont jouman, men syantifikman, li pa kenbe. Pa gen okenn dokiman istorik ki montre fraz sa te egziste nan lakoloni. Pa gen okenn analiz fonolojik ki jistifye jan mo a t ap kapab evolye konsa. Men pi enpòtan: konstriksyon “pati jenital + manman” egziste nan plizyè lang atravè mond lan, e kreyòl ayisyen an gen anpil lòt egzanp ki suiv menm modèl sa a. “Langèt manman w” se pa pwodwi imajinasyon kolon, li se yon ekspresyon ki pataje ak kreyòl lòt zile yo ak anpil Lang nan lemonn. 🌐

Menm istwa pou “marasa”, kote jimo yo ta rele konsa paske madanm kolon t ap di “ma race, ça !” Si sa te yon blag, li t ap bon. Men li tèlman repete, li vin fè pati memwa kolektif la. Sepandan, verite a se “marasa” gen rasin li nan plizyè lang Afriken: nan kikongo pa egzanp, mo mabasa vle di “moun ki vini an de (2)”; nan ewe ak fon, nou jwenn mit Mawu-Lisa, ki se lwa jimo fi ak gason. Se menm lwa sa a tou ki egziste nan vodou ayisyen an sou non “marasa”. ✊🏾🌍

Medyokrite nou wè nan deziyasyon etimoloji yon seri mo a, se yon rezilta modèl ideyoloji ki mete franse kòm sous tout bagay, ki efase Afrik ak Ayiti kòm espas kreyatif la sitou nan sa ki gen rapò ak lengwistik. Se sa Michel DeGraff rele eksepsyonalis kreyòl la: ki se lide ki vle montre kreyòl ayisyen an pa fèt tankou lòt lang aparantyè yo, men sèlman kòm brikolaj move entèpretasyon fraz franse. 🧠

E pandan n ap pale de move entèpretasyon, gen kèk fo etimoloji ki tou senpman fèt pou fè seyans kou lekòl yo pi enteresan. Pa egzanp, yon pwofesè sou sit Webster University admèt li itilize mo tankou “kleren” kòm “c’est clair, hein?” oswa “tchanpan” kòm “tiens, prends” paske sa fè etidyan ri. Men sa ki pi danje nan sitiyasyon sa yo se: itilize pawòl san verifye, pran blag kòm verite, epi mete fo etimoloji nan kè ansèyman. E lè sa a, sa ki fo a vin pi fò pase syantifik la. 🎭❌

Li lè pou nou sispann. Nou pa ka kontinye aksepte plajya, erè, parès ak/ oswa neglijans kòm modèl. Etimoloji pa yon jwèt, li se zouti pou ede nou konprann kiyès nou ye. Li se yon zouti tou pou repare imajinasyon kolektif nou sou istwa nou, sou lang nou, ak sou kilti nou. Si nou pa fè li avèk rigè, n ap kite mit fonde sou manti, ranplase memwa ki dwe fonde sou verite. 🚨📚

Mwen envite nou li atik mwen an, “Danje Etimoloji Chanpwèl nan Kreyòl Ayisyen”, kote mwen prezante chak egzanp ak analiz detaye, referans solid, ak metodoloji klè. Travay sa a pa yon demantèlman fo etimoloji; se yon apèl pou onètete entèlektyèl.🔎

Kreyòl la se pa move franse. Se pa adaptasyon moun ki pa konprann. Se kreyasyon, se konbinezon, se son ki vin sans. E se pou sa nou dwe defann li ak verite. 🗣🔥

Patrice kanndèl EDOUARD

Pou li vèsyon akademik atik la (PDF)
👉🏾 Telechaje : “Danje Etimoloji Chanpwèl nan Kreyòl Ayisyen”
https://doi.org/10.31219/osf.io/4hm2n_v1

 

Commentaires

Messages les plus consultés