10 bagay pou w konnen avan tiraj Koup di Mond 2026 la



10 bagay pou w konnen avan tiraj Koup di Mond 2026 la

1)      Koup di Mond 2026 la ap gen 48 ekip, epi Ayiti deja pami yo. Se premye patisipasyon nou depi plis pase 50 ane.

2)      Ap gen 12 gwoup ki gen 4 ekip chak.

3)      2 premye ekip nan chak gwoup ap kalifye dirèk pou faz eliminatwa yo.

4)      8 meyè twazyèm yo ap jwenn dènye tikè yo pou rantre nan tou swivan an.

5)      Aprè faz gwoup la, ap gen 16yèm de final ak yon total de 32 ekip, kote se eliminasyon dirèk.

6)      Koup di Mond 2026 la ap gen 104 match an tout.

7)      Konpetisyon an ap dire 39 jou, sa ki fè li youn nan pi long nan listwa mondyal la.

8)      Ekip ki vle ranpòte tit la ap oblije jwe 8 match an tout.

9)      Match yo ap dewoule nan twa peyi : Kanada, Meksik ak Etazini.

10)  Gen omwen 4 ekip ki poko kalifye. Yo pral detèmine yo apre match baraj entènasyonal yo. 


Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :

Commentaires

Les plus populaires

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Florvil Hyppolite

Tchala examens de 9e année 2023

Tiresias Simon Sam

Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2024-2025

Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)