Single ''pa pou li, pa pou mwen'' an pare

 



Single ''pa pou li, pa pou mwen'' an pare

Diplomasi kiltirèl se youn nan zouti ki pemèt anpil peyi fè wè tèt yo, fè pwomosyon pou sa yo pwodwi, epi ekspoze talan jèn yo tout kote nan mond lan.  Ebyen Masaki Massena, yon jèn ki gen anpil talan ak valè, semante fòk li bay tou limenm pou kilti Kreyòl la ka monte. Sa pa fasil, gen tanpèt , gen van, men li di l ap melanje istwa lanmou l ak istwa peyi a pou li pote anpil bagay tou nèf pou ou. Antanke yon jounalis, li fè tèt li pase pou yon anbasadè kilti kreyòl la, zèv li yo deja fè anpil tole nan anpil peyi nan mond lan. Dayè nou ka remake sa sou site ofisyel ti koze show yo.

Pou nou kontinye , Jèn gason sa ki se PDG Ti koze show , ki se yon platfom kiltirel k ap fè pale de li Miami e nan tou mond lan deside mete yon single deyò. Single sa rele '' Pa pou li, pa mou mwen''. Tit la sisite anpil kesyon lakay ou, ebyen se pou tèt sa , l ap envite w akonpanyel nan avanti sa. Single sa sou yon albòm ki rele tande pou w konprann. Li deside fèw viv albòm sa ti kal pa ti kal, single pa single. Tout efò sa yo rantre nan kad pwomosyon kilti Kreyòl la, e nan misyon pou li voye talan jèn yo monte.  

Single sa ap deyò 16 janvye 2021 k ap vini la, lap fèt nan #11 ri Sejournée, delmas 19. Lap tann ou, oumenm ki pre pou batay pou voye kilti kreyòl la monte, oumenm ki kwè dyaposra gen anpil bagay li ka pote pou peyi a , oumenm ki pa gen chans nan lanmou, oumenm ki kwè diplomasi kilitirèl la se youn nan zouti ki gen voye Ayiti monte.  




Nou rekòmande w atik sa a:5 medam ki pi bèl nan HMI la

Télécharger gratuitement ce guide
du postulant en écrivant ce numéro par whatsapp:

+509 41361504


Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés 

Commentaires

Messages les plus consultés de ce blogue

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Tchala examens de 9e année 2023

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)