Mwen vle konnen moun ki fè dezòd nan manifestasyon yo ak dirijan konwonpi nou yo ,kiyès ladan yo ki fè peyi a plis mal
Yon peyi, yon nasyon, yon leta. Nou menm Ayisyen yo rekonèt nou kòm premye pèp nwa ki libere de lesklavaj. Oprime anba enperyalis yo, trayi anba pwòp gouvènman lakay nou. Se pou sa jounen jodi a menm nou deside reyaji Anba konplotè yo ak tout San diyite yo. Nou sonje nèg mastèz yo di: ".....mesye yo moveee, A wiii pèp Ayisyen moveeeee..." Nan mizik "Nou move" a sou albòm FÒ N PALE A. Yon pèp ki an kòlè, epi mwen wè kèk sitwayen ayisyen sitou sak te kite peyi a pou mizè te gentan pa ka konprann reyaksyon pèp Ayisyen an, kòmsi yo menm yo konnen bagay la dous nan peyi a. Nou se trèt, paske nou te nan mizè a tou.
Peyi lakay mwen yo pa konn jije nèg ki vòlè nan leta a, dayè nèg yo toujou panse yo pa vòlè men yo se entelijan. Mwen sezi wè kòman nèg ki finanse bandi lajan, zam ak minisyon , moun non yo benyen byen tranpe nan detounman lajan peyi a kanpe pou fè leson pou moun k ap kraze brize nan manifestasyon yo. Moun yo pa gen dwa kraze afè moun vre non. Men gen de nèg si yo te gen nen nan figi yo, se yon moun pou yo ta peye vin kondane zak vòl ak piyaj ki fèt nan manifestasyon yo, paske yo koupab tou nan tout sa k ap fèt la jounen jodi a anndan peyi a tèlman yo kase kès Leta a nan konplo pou vòlè kòb pèp la antre yo.
Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION
Mwen pat konnen non si peyi a te gen tout jij sa yo. Mwen sezi wè menm moun ki kite peyi a pou yon lavi miyò nan peyi blan, ki kounya pa gen pwoblèm lamanjay te gentan wè
"ti pèp la sovaj"
Ala moun yo derespektan mesye !
Yon gran pèp kou Ayisyen pou jounen jodi a , Mwen wè yon seri moun ki fè pati mas pèp la men ki petèt sou aparans refize konprann kòlè pèp la, mwen envite nou li kèk sosyològ Franse tankou Pierre Bourdieu ak Émile Durkheim
Nan yon seri de kriz anndan yon sosyete tankou swisid ak lòt ankò Émile D. te di konsa:
L'action des individus ne peut-être comprise que par référence au contexte social . Alò moun sa yo k ap manifeste yo nan lari a pi mechan pase moun ki vòlè lajan Petrocaribe a ?
Yo pi mechan pase moun sa yo ki pa ofri pèp la edikasyon an ?
Yo pi sovaj pase chèf k ap founi gwo zam pou bandi afwonte antre yo epi simen latwoublay nan mitan popilasyon an?
Yo pi mechan pase tout krim finansye sa yo k ap fèt anndan enstitisyon leta yo ?
Yo pi mechan pase moun k ap òganize kontrebann yon fason pou lajan pa rantre nan kès Leta ?
Yo pi mechan pase yon gouvènman k ap bay manti ?
Moun sa yo.
Pa ka manje.
Pa gen aksè a lasante
Pa gen lojman.
Pa gen aksè a dlo potab.
Pa gen wout.
Pa gen kouran.
Pa jwenn jistis
Men se yo menm wi nou gade pi mal.
Tout moun gendwa pale men ou pa oblije diminye valè moun k ap revandike yo. Nan mitan yo gen gran pwofesyonèl, gen pwofesè, gen etidyan, gen inivèsite menm jan avè m, gen ouvriye, gen ti machann elatriye. Men sa ka toujou rive gen yon moun ki komèt yon move zak. Men sa pa di pou otan pou nou afebli mouvman pèp la k ap rele pou grangou, kòripsyon ak lavi chè k ap fini avèk yo san n pa bliye kòb Petro Caribe a.
Viv Ayiti !
Viv mas pèp la !
Viv libète ak byennèt pou tout moun !!!
BOSSÉ Cliford
(509) 4458-2556
Articles recommendés :
La police nationale d'Haïti(PNH) à la dérive ( partie II)
La stratégie des politiciens haïtiens pour assassiner la jeunesse,
Dossier Dorval, 7000 us pour des étudiants de la FDSE,
Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION
--
VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés

0 Commentaires