Suggar Daddy Vs Diaspora

 


Suggar Daddy Vs Diaspora

Jodi a nou vin abòde yon sijè ki frajil men ki fè pati de lavi nou, li menm gen konsekans sou nou e sou ekonomi peyi a. Men avan si w pat gen tan li atik kit e pale de Suggar Daddy ak Boyfriend lan, wap jwen link lan anba atik sa, ou ka tou pwofite fèl.

Dyaspora

Dyaspora se yon moun , an n di ayisyen ki kite teritwa Ayiti a pou plizyè rezon e ki ateri nan yon lòt peyi. Souvan nou toujou panse depi yo di Dyaspora, yo wè selman moun ki al viv OZETAZINI, men non, depi’w ap viv a letranje , yo konsidere’w tankou sa. Nan sijè pa nou an, dyaspora yo kèk fwa gen kèk ti gèngènn ke yo ap depanse pou yo nan peyi a. Yo ede fi nan plizyè aspè voye kòb pou lekòl peye, pou peye kay, pou achete fo cheve , pou douko ak anpil lòt bagay. Souvan Dyaspora toujou jwenn yon konpansasyon pou zèv sa li fè a. Swa yon pati janm anlè, swa yon senp mèsi elatriye. Tout sa yo depann ki kondisyon ki la. Note selon peyi ou ye a, Dyaspora gen yon valè. Ou gen yon dyaspora OZETAZINI, se sa nèt, ti kòb la ap tonbe byen rapid, epi gen plis respè e poutan yon dyaspora Chili, kwake Chili se dezyèm peyi ki fè plis transfè pa bò isit, respè a ap mwens. Bon pati sa, se sèl medam yo ki ka di sou ki baz yo detèmine respè yon dyaspora. Epi dyaspora yo ede jèn fi nou yo fè touris local, yo mache nan tout fèt chanpèt ak yo, nan tout tou peyi a. e yo souvan jèn , andirans lan bon n a imajine rès pawòl la….

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

Suggar Daddy

Bon Suggar Daddy a li menm li sou teritwa nasyonal la, li fè depans tou e kèk fwa nan menm deviz ak Dyaspora. Men avantaj pa li, li la, lap pran kou kanmenm, men li gen plis chans bare moun nan. Souvan se moun ki gen anpil lajan , kap travay nan leta oubyen ki gen gwo Biznis kap rantre kòb. Kontrèman ak Dyaspora, li souvan granmoun, e pwoblèm sa ale pi lwen , li menm ki rive nan koze ke Suggar Daddy a paka satisfè moun nan seksyèlman . Nap fè deba sa nan yon lòt atik. Men sa ki enpotan, Suggar Daddy a souvan gen menm egzijans ak Dyaspora, se ti foto sexy, ti nyoud, ti soti epi pa rele’l pandan madanm li la, bon sa se si li genyen. Suggar Daddy yo fè medam nou yo mache depi se nan otèl nan vil la, yo mache tout nan tou disko, nan tout bal kap fèt nan peyi a. nan lang Anglè, yap spend and they require affection and love dèyèl.

Redevans Fi a

Anfèt fi a gen anpil bagay li dwe fè pou li jwen avantaj swa nan men sugar daddy a oubyen diaspora. Souvan fòk li bèl epi anfòm, nan bon jan lang Kreyòl la, fòk li rele sou kò’l. Epi fòk imajinasyon’l otop. Sa vle di, chak foto , videyo, lap voye ale fòk yo inovan, e yo sipoze fè destinatè a plezi. Lè Dyaspora a rantre, li sipoze disponib e dispoze pou li, asire’l ke tikè a pa peye pou granmesi. ( kwake gen yon moun ki temwanye ki di ke li menm depi dyapora a sou sòl la, li gen règ li) bon sa ap fè yon lòt deba. Pou suggar daady a li menm, se preske menm bagay la, fòk fi a disponib, ti foto a lè, ti mesaj òni, ti video tèt chaje ak anpil lòt. Men youn nan bagay ki enteresan souvan fòk fi sa , montre Suggar Daddy a ke li se moun ideyal la, Tankou yo souvan fè ti dezòd nan lari, nan parking, nan douch elatriye. E kèk fwa lè yo nan machin leta a, ak Daddy a, yo fè dezòd tankou pase sirèn pou granmesi, sitou si mennaj yo ap pran sèso nan bouda yon kamyonèt.

Mennaj la

Bon pati sa frajil menm jan ak sijè a, nou pa anvi opine sou li. Mennaj la souvan pa okouran de anyen menm jan tou kèk fwa li okouran men li fè silans e lap manje nan kòb la , men sa rive menm nan pi gran fanmi. L ap pran kou e souvan li ap bay kou tou, men youn nan pi gwo devwa l, se soutni mennaj li nan eprèz difisil sa. Kèk fwa yo plenyen paske mennaj yo ap pase ak Suggar Daddy nan vit tente e yo pa wè anyen, gen anpil plent ak doleyans ki vinn jwen nou e nap fè efò pou nou asire swivi a.


Nou rekòmande w atik sa a:5 medam ki pi bèl nan HMI la

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 


Publier un commentaire

0 Commentaires