Tout sa w dwe konnen sou Zen Blondedy ak D Perfect la, yon ti analiz

Zen Blondedy ak D Perfect la, yon ti analiz

HMI la gen nan li anpil atis, kèk fwa atis sa yo konn nan bif , kèk fwa konn gen zen paske gen yon fanm kap okipe yon atis , e nèg sa deside kite fanm sa, bon sou pwen sa Natacha ka temwanye, epi gen kèk atis tou ki konn deside renmen antre yo.

Avan tout, fòk nou di ke Blondedy se yon ti dame avèk fòs ki rive trase chimen l nan HMI la, nou te konnen l nan dosye fim, li vin marye, divòse, fè pitit epi mete silikòn. Jou sa yo, nou vin gen yon lòt Blondedy tou nèf , ki ap bay plezi nan HMI la. Epi yon lòt bò nou gen D perfect ki kòm Blondedy trase chimen l tou nan HMI la, sòti nan dosye fanm kap joure l pou lajan machin li prete li pa remèt, lage yon karyè solo epi li ateri nan EKIP ki se yon gwoup ki konnen siksè nan mond mizikal la.

Ebyen 2 atis sa yo te twouve nesesè pou yo mele kè yo epi fè pwojè ansanm pou lavni. Dayè nou  pa kwè gen moun ki bliye ke moun sa yo pou yon koze fiyansay, te mete Polis, piblik, kanpe sou 2 ran pou gade demand lan. Nap pwofite di tou, depi nan decameron bagay la te komanse ant 2 moun yo, epi D Perfect vire tounen sou tout rezo sosyo kap fè elòj pou fanm sa ke Bondye lage nan men l nan, li fè tatoo, fè moral jenès maskilen an , bloke kèk moun sou rezo yo et ak anpil lòt bagay pou montre Blondedy nan ki fason li renmen l.

Sepandan, Jèn yo te toujou baya vi yo sou sitiyasyon sa. Gen kèk ki di, D perfect se bagay moun ki pa gen nen ke li ap regle, li ak Blondedy pou kòb ak rezidans, Blondedy pa renmen l vre ak anpil lot moun yo dekri relasyon an ke nou pa site , men nou gen posibilite pou ekri yo nan komantè anba atik la. Epi yon lòt bò gen moun ki rete kwè ke 2 moun sa yo renmen vre, se lanmou kap dirije ye, e yo pa wè anyen ki mal nan sa pou 2 moun sa yo renmen.



Jou sa yo, nou ka remake sou rezo yo D perfect p bay yon ti plenyen anba anba, tankou li pat fèt pou mwen, Mpaka nan anyen mpa konprann ‘’ fèm konprann ou’’, lèw konnen w pap kenbe pawòl ou pa fè pwomès, e gen moun ki menm di se kite a ki nan wout oubyen se buzz kap fèt.

Ajoute nan menm memi melo sa, gen yon foto kap sikile ki montre ke Blondedy kouche sou pwatrin yon jèn ti bway kif è videyo ak Rutschelle deja, si gen moun yon bò ki di se videyo ke yo pral monte, yon lòt bò gen kèk moun ki di videyo ou pa yo pap dakò ke madanm yo ap fè foto sa yo ak yon jèn bway nan nivo sa.

Eske moun yo ap kite menm avan yo marye a , eske Blondedy ap kite D perfect vre, eske D Perfect pral fè yon lòt tatoo , eske avanti a ap fini la, nou panse se avni an kap defini tout bagay sa yo, sèlman napa tire atansyon piblik la sou tritès ke d Perfect ka ap ajandre nan moman an, nan non ti bway Rock Fam ki tap kriye a lè madanm li te mete l deyò a, nan non Black Fefe e nan non tout lòt atis nan HMI la ki gen pou pran kou nan jou kap vini yo la, nap swete D Perfect kouraj. 

Commentaires

  1. Antouka article ou an rigolo anpil frem !
    Mesi anpil paske ou pa nan voye monte ! Byen trete menm sil tap bon siw te mansyone laj you tou deux a!
    Pou mwen se yon buzz, jan yo di nan laru an, se petet yon fason pou kaptive atansyon consommateurs sou yo epi detourne yo de album QQA Rutshelle lan ki fek soti an !
    A mon avis imaj sa yo se pa yo m ta renmen ki rete pou jenes lan !
    Force à vous !

    RépondreEffacer

Publier un commentaire

Les plus populaires

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Florvil Hyppolite

Tchala examens de 9e année 2023

Tiresias Simon Sam

Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2024-2025

Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)