Tout sa w dwe konnen sou Zen Blondedy ak D Perfect la, yon ti analiz
Zen Blondedy ak D Perfect la, yon ti analiz
HMI la gen nan li
anpil atis, kèk fwa atis sa yo konn nan bif , kèk fwa konn gen zen paske gen
yon fanm kap okipe yon atis , e nèg sa deside kite fanm sa, bon sou pwen sa
Natacha ka temwanye, epi gen kèk atis tou ki konn deside renmen antre yo.
Avan tout, fòk nou
di ke Blondedy se yon ti dame avèk fòs ki rive trase chimen l nan HMI la, nou
te konnen l nan dosye fim, li vin marye, divòse, fè pitit epi mete silikòn. Jou
sa yo, nou vin gen yon lòt Blondedy tou nèf , ki ap bay plezi nan HMI la. Epi yon
lòt bò nou gen D perfect ki kòm Blondedy trase chimen l tou nan HMI la, sòti
nan dosye fanm kap joure l pou lajan machin li prete li pa remèt, lage yon
karyè solo epi li ateri nan EKIP ki se yon gwoup ki konnen siksè nan mond
mizikal la.
Ebyen 2 atis sa yo
te twouve nesesè pou yo mele kè yo epi fè pwojè ansanm pou lavni. Dayè nou pa kwè
gen moun ki bliye ke moun sa yo pou yon koze fiyansay, te mete Polis, piblik,
kanpe sou 2 ran pou gade demand lan. Nap pwofite di tou, depi nan decameron
bagay la te komanse ant 2 moun yo, epi D Perfect vire tounen sou tout rezo
sosyo kap fè elòj pou fanm sa ke Bondye lage nan men l nan, li fè tatoo, fè
moral jenès maskilen an , bloke kèk moun sou rezo yo et ak anpil lòt bagay pou
montre Blondedy nan ki fason li renmen l.
Sepandan, Jèn yo te
toujou baya vi yo sou sitiyasyon sa. Gen kèk ki di, D perfect se bagay moun ki
pa gen nen ke li ap regle, li ak Blondedy pou kòb ak rezidans, Blondedy pa
renmen l vre ak anpil lot moun yo dekri relasyon an ke nou pa site , men nou
gen posibilite pou ekri yo nan komantè anba atik la. Epi yon lòt bò gen moun ki
rete kwè ke 2 moun sa yo renmen vre, se lanmou kap dirije ye, e yo pa wè anyen
ki mal nan sa pou 2 moun sa yo renmen.
Jou sa yo, nou ka
remake sou rezo yo D perfect p bay yon ti plenyen anba anba, tankou li pat fèt
pou mwen, Mpaka nan anyen mpa konprann ‘’ fèm konprann ou’’, lèw konnen w pap
kenbe pawòl ou pa fè pwomès, e gen moun ki menm di se kite a ki nan wout oubyen
se buzz kap fèt.
Ajoute nan menm
memi melo sa, gen yon foto kap sikile ki montre ke Blondedy kouche sou pwatrin
yon jèn ti bway kif è videyo ak Rutschelle deja, si gen moun yon bò ki di se
videyo ke yo pral monte, yon lòt bò gen kèk moun ki di videyo ou pa yo pap dakò
ke madanm yo ap fè foto sa yo ak yon jèn bway nan nivo sa.


Antouka article ou an rigolo anpil frem !
RépondreEffacerMesi anpil paske ou pa nan voye monte ! Byen trete menm sil tap bon siw te mansyone laj you tou deux a!
Pou mwen se yon buzz, jan yo di nan laru an, se petet yon fason pou kaptive atansyon consommateurs sou yo epi detourne yo de album QQA Rutshelle lan ki fek soti an !
A mon avis imaj sa yo se pa yo m ta renmen ki rete pou jenes lan !
Force à vous !