Manman, men kijan lavi m ap evolye nan Peyi a


Manman, men kijan lavi m ap evolye nan Peyi a

Depi  tou piti mwen jwenn mwen lekòl, yo te toujou fè m konnen "edikasyon se kle siksè" si w vle reyisi se pou w al lekòl, pran etid ou oserye . Sa vin fè m santi, si paran m te chwazi mete m lekòl, yon chans li menm li pat fin genyen nèt, se youn nan pi gwo kado li te ka banm.
Tou senpleman li te vle m reyisi, tout sa l reyalize, li pase yo nan pran swen m ak edikasyon m. San l pa janm reflechi yon sekond. Mwen pa sonje ke m ko janm di l mèsi pou sa yo. 

Sak do fè sa menm ? Jiska prezan mwen pa ko janm di manman m mèsi ?

Mwen okipe. Alò sosyete a padone m.
Mwen tèlman okipe nan fè lasosyete plezi, mwen fini pa bliye mizè manmi m ap pase nan fè tout kalite travay jis pou m te ka gen yon demen miyò. Men mwen prefere pase tan m ak zanmi m nan yon bann bagay ki pa janm itil mwen anyen. Pami yo, gen :
1- Mwen ap mennen yon vi modès sou rezo sosyo yo, enstagram, fesbouk, twidè, watsap, tiktòk.. M ap montre m janm se yon jenn gason ki flannè. Montre w se jenn fanm ki zizi. Mwen jis ap chache enpresyone moun k ap swiv mwen yo, menmsi pafwa , sa konn afekte repitasyon m. 

2- Mwen montre m ap mennen, m ap chache yon bann admirasyon san fondman. Mwen okipe manman ! Fòk m montre atravè foto m yo m ap byen viv ! Eskize m manman ! Dezole ! Mwen gen yon piblik m ap jere.

3-Mwen plis enterèse m pou m konnen sa kap pase nan vi prive lòt moun, mwen ap mande videyo pati entim ti Jàn lan ki nan tout lari a. Dezole manman, mwen okipe. 

Men jodi a lavi chè a mete 2 men l anba kou w pou l toufe w, mwen la m pa jan m di anyen. Sa pa enterèse m, poutan non sèlman w banm edikasyon, men ou toujou banm manje, menm lè m pa ta ret lakay ou, tout sa w genyen disponib pou mwen.
Epoutan gen kèk ekspresyon ki fasone lavi m. Tankou :
Ekonomi 
Pouvwadacha
Enflasyon
Kòripsyon

Mwen mande w padon manman, paske malgre ou ame m ak edikasyon pou m gen yon demen miyò, epi tou pou m te ka defann ou, men reyalite a se moun m ap fè plezi nan fason m ap viv. Paske mwen sanble ak yon gwo lach.
Mwen bliye angajman m anvè tèt mwen, anvè fanmi an. Mwen atache ak yon mond vityèl ki pap ofri m anyen. Mwen konn ki efò w ap fè manman pou w toujou banm manje malgre laj mwen, defo mwen. Mwen al lekòl, mwen pa okipe pwofesè a k ap travay la, kòmsi m pa ni sansib pou fòmasyon an k ap itil mwen demen an, ni pou lajan ou redi fè nan solèy cho pou w peye kou pou mwen. 

Mwen vle mande w padon manman. 

1- Mwen pwomèt ou mwen pa p depanse lajan m yo nan achte gwo mak tenis ak rad oubyen gwo mak telefòn jis pou m fè lasosyete plezi ankò . 

2- Mwen pral jwenn ak ansyen kanmarad mwen yo pou n di aba LAVI CHÈ A. 

3- Mwen pwomèt ou m ap plis disponib pou ou ke oparavan. Pa dim mèsi pou sa yo, ou merite yo.

Jodi a mwen rann mwen kont, mwen fè w anpil tò , a chak fwa mwen pa janm di anyen lè Leta nan peyi m ak toupizi w. Mwen santi m se yon konplis .

Padone m manman !


BOSSÉ CLIFORD 

Publier un commentaire

0 Commentaires