Yo kidnape premye minis demisyonè Ariel Henry!!!

Yo kidnape premye minis demisyonè Ariel Henry!!!

Sa pral gen kounyea 3 lane depi yo te asasine  prezidan Jovenel sou pouvwa an Ayiti. Bon se pa bagay kap fèt pou premye fwa, men youn nan fè remakab  , se ak yon’’ tweet’’ defen prezidan sa te nome premye minis li, komkwa nan wayom Elon Musk la, Ayiti kanpe an bon inovatè. Ariel pran pouvwa a nan yon lide pou òganizye eleksyon e si posib asire ke ankèt sou lanmò ansyen prezidan an byen mache e jwen jistis pou premye repiblik nwa a.

Ebyen plan pa dewoule jan nou menm ti pèp te swete a, se nan menm peryòd twa lane sa moun ap mouri , kidnaping nan ap konnen yon to kwasans eleve e sa ki pat ka pou ekonomi peyi a, e se nan menm peryòd sa tou plis moun al jwen bawon.Timoun paka al lekòl, gen mwens travay sou teritwa repiblik la, men sa pa anpeche ke zwazo yo vole, e yo pa al jwen Bondye jan chante kretyen an dil la, se jouk Kenya yo ateri komkwa yap chache èd milite ak divès lot pou ede PNH la konbat bandi.

Vwayaj premye minis lan Kenya te sipoze pase swa jan nou ka dil nan lang Kreyòl la, daye youn nan bagay premye minis demisyonè a fe pi byen pandan manda ‘’X’’ konferel la, se vwayaje. Epitou pa bliye li sot pase yon 7 fevriye swa kou dlo kòk. Kiyès ki tap dil sitiyasyon an tap tounen konsa? Konfyan, diskou pou makiye pèp la bay chak lè Bondye touse, e se yon bagay ki pa rive souvan, pa okipe l de moun kap mouri chak jou, se ak santiman sa yo Ariel ap pwofite de tout ti sa Ayiti ka ofril kòm chèf. Ebyen vwayaj sa, bandi viv ansanm yo di Ariel pap rantre nan peyi a.

Kounyea yon gwoup bandi deside di yon moun ki swadizan chèf nan yon peyi ke li pap rantre, pote anpil konfizyon lakay sitwayen. Dayè kote yo jwen pouvwa sa, e koman ou pral retire pouvwa sa nan men yo. E si pwofèt la te gentan di nou gen teritwa ki pèdi, nan moman an nou vin pèdi plis pandan ke li menm li pat menm sou teritwa a pandan tout bagay tankou kraze prizon, atake palè tap pase. Sitiyasyon an vin konplike se nan menm moman sa tou CARICOM kanpe an mèt ekip, lap dikte ki fomasyon kap bon pou peyi a. Yon fomasyon 4 4 2 klasik kote yon gouvènman 9 tèt epi lap kanpe an 10 zyèm jwe epi pèp la gadyen. Tout jan fomasyon an ta vire pèp la ap toujou gadyen e lap kontine pran gòl nan men ekip advès la e menm jwè pa li yo ap pouse l otogòl.

Nan tout pale sa, nou pa konn kibò Ariel ye. Pou listwa Pòt pawol ameriken an pandan peryòd sa te di aprè Ariel te fin pran avyon New jersey pou li rantre an Haiti yo pa konn kibo li ye. Bon se menm jan tou Ariel pat konn kibò pifò ayisyen te ye. Men si Senye a mouri vandredi sen li leve dimanch pak pou li padone peche nou yo, ebyen Ariel refe sifas pou li bay yon lot gwoup kontinye tete manmèl peyi Dayiti. Men pèp la stil pa konnen kibò Ariel ye, dayè tripotay kap fè sou zòn nan bay li Porto Rico, e menm tripotay sa bay li California nan peyi Letazini e menm granmoun ki pi tripotay nan zòn nan deklare ke misye gen pou li rantre se paske peyi a poko gen vòl ki fe li deyò toujou.

Nou pap rantre nan lojik ke Ariel pa rantre pou rezon vòl daye avyon rantre Okap, elikoptè fè plis bri nan tèt nou nan nwit ni ke bal e marengwen. Sa ki enpotan poukisa yo kenbe l deyò peyi a ? Kenbe Ariel deyò peyi a ta sipoze di gen yon stabilite ke yo bezwen bay peyi a e ke Ariel li menm li konpwomèt li. Men preske gen yon mwa, stabilite sa poko janm la, daye boul la nan tout kan match la jèn toujou. Eske kenbe Ariel deyò peyi a se solisyon an ? Eske kenbe Ariel deyò kite Andre Michel bon e fidèl sèvitè sou teritwa a toujou se yon bon schema taktik ? eske pwopoze yon gouvenman 9 tèt se yon bon chwa pandan ke nou konnen byen si gen yon bagay ayisyen paka fè se chita pale ansanm epi vini ak yon solisyon nan enterè pep la ? kibo Ariel ye egzakteman ? eske Ariel manke nou ? ki solisyon pou kriz la ? kijan w wè Moyiz Jan Chal nan kriz la ?

Commentaires

Publier un commentaire

Messages les plus consultés de ce blogue

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Tchala examens de 9e année 2023

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)