Passer au contenu principal

En vedette

Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo?

  Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo? Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti ouvri de gwo pwogram bous detid pou etidyan ayisyen chak ane: MOFA Taiwan Scholarship ak ICDF International Higher Education Scholarship. Menm si toude bous sa yo bay opòtinite pou etidye Taiwan, yo gen diferan kondisyon ak avantaj. Ann gade diferans prensipal yo. 1. Lang ansèyman an MOFA Taiwan Scholarship : Tout kou yo fèt an mandaren . Benefisyè yo resevwa yon ane aprantisaj mandaren anvan yo kòmanse etid inivèsitè yo. ICDF Scholarship : Tout kou yo fèt an anglè . Se yon bon opsyon pou moun ki deja pale anglè epi ki vle etidye san bezwen aprann yon nouvo lang anvan. 2. Nivo etid yo finanse MOFA Scholarship : Finanse Lisans (Bachelor), Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) . ICDF Scholarship : Finanse Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) sèlman. Pa gen bous ICDF pou Lisans. 3. Dire bous yo MOFA ...

Taiwan (Taywann) Lanse Bous Detid ICDF 2025 pou Etidyan Ayisyen

 

Taiwan (Taywann) Lanse Bous Detid ICDF 2025 pou Etidyan Ayisyen

Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti anonse ouvèti aplikasyon pou bous ICDF 2025 lan.

Si w se yon sitwayen ayisyen epi w vle pouswiv yon metriz oswa yon doktora nan Taiwan, bous sa a ka ba w opòtinite pou w fè sa. Tout kou yo fèt an anglè epi gen 29 pwogram etid diferan ki fèt pou reponn ak bezwen etidyan entènasyonal yo.

Kondisyon pou w kalifye

  • Pou metriz la ou dwe
    • Gen mwens pase 30 lane
    • Gen yon diplòm Lisans nan yon inivèsite piblik oswa prive MENFP rekonèt
    • Byen metrize lang anglè
  • Pou doktora a ou dwe
    • Gen yon diplòm metriz nan yon inivèsite piblik oswa prive MENFP rekonèt
    • Byen metrize lang anglè

Dokiman obligatwa pou aplikasyon an

  1. Ranpli fòm aplikasyon sou sit Taiwan ICDF la (https://web.icdf.org.tw/ICDF_TSP/WelcomeStart.aspx) epi enprime li pou soumèt li bay anbasad la apre ou fin siyen li.
  2. Yon biyografi (500 mo an anglè).
  3. Yon kopi kat idantifikasyon nasyonal.
  4. Yon kopi paspò valab.
  5. Yon kopi dènye diplòm ou genyen, otantifye pa otorite ayisyen yo ak yon tradiksyon ofisyèl an anglè. (Si ou bezwen tradiksyon ofisyèl a bon pri, ekri HaitiTchala sou 48087591)
  6. De lèt rekòmandasyon.
  7. Yon sètifika ki pwouve w metrize anglè (yon tès ki rekonèt entènasyonalman).
  8. Dènye relve nòt ou genyen, otantifye ak yon tradiksyon ofisyèl an anglè.
  9. Yon kopi fòmilè ki montre enterè ou pou Taiwan atravè kont Facebook, X (Twitter) ak sit web Anbasad la.
  10. Pou doktora: Ou dwe soumèt yon plan rechèch detaye.

Kouman pou w aplike

  • Dènye dat pou soumèt aplikasyon: 28 fevriye 2025
  • Ou dwe depoze dokiman ou yo nan yon anvlòp ki make: "Demande de bourse ICDF International Higher Education Scholarship Program", nan adrès sa a:
    Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan), #22, Rue Lucien Hubert, Morne Calvaire, Pétion-Ville.
  • Kandida yo ap resevwa yon notifikasyon pa imèl oswa telefòn si yo chwazi pou faz kap vini yo, ki gen ladan yon egzamen ekri ak oral.

NB: Si gen diferans ant enfòmasyon ki nan dokiman anèks yo ak sa ki nan anons sa a, se detay ki nan anons sa a ki ap valide.

N ap raple Taiwan se peyi ki bay plis bous an Ayiti chak ane. Selon anons ofisyèl yo an Out 2024 la, yo ap koumanse ofri 40 bous pa ane!!! Pami pi gwo ansyen bousye bous sa a gen Etzer Emile, Emmanuela Douyon epi Mike Béllot.

Pou plis detay, ou ka tcheke dokiman sa yo:

Sa a se yon gwo opòtinite pou w pouswiv etid ou Taiwan! Pa rate chans ou!

📌 Dokiman akademik ou yo dwe tradui an anglè! San sa, yo p ap valide dosye ou! Pa rate chans ou!

📢 Haiti Tchala tradui tout dokiman bous ou bezwen rapid ak pri redui!
📞 Ekri nou sou watsap imedyatman nan 4808-7591!

Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :

Commentaires

Messages les plus consultés