Machin san volan yo pran lari: Wobotaksi Amazon lan rive nan Las Vegas
Machin san volan yo pran lari: Wobotaksi Amazon lan rive nan Las Vegas
Las Vegas se pa sèlman kapital mondyal amizman an. Li vin tounen, depi kèk tan, yon kote eksperimantasyon nan sektè transpò a. Lè li lanse sèvis Wobotaksi otonòm li a, Zoox, ki se yon filyal Amazon, atake dirèkteman gwo konpayi Waymo (Google) ak Tesla nan yon kous teknoloji ki ta ka pote gwo chanjman sou abitid transpò nou yo.
Yon machin ki boulvèse tout kòd nou yo
Kontrèman ak konkiran li yo ki adapte modèl ki
egziste deja (tankou Waymo avèk Jaguar I-Pace), Zoox chwazi yon apwòch radikal:
konsevwa yon machin konplètman nouvo, panse depi nan kòmansman pou otonomi. Sa
ki bay kòm rezilta: Yon machin elektrik fitiristik san volan, ni pedal, ni
kontwòl manyèl klasik. Anndan, pa gen chofè ni syèj devan. Kat pasaje yo, chita
fas a fas nan yon kabin simetrik. Yon eksperyans ki sanble plis ak yon salon
mobil ke yon taksi konvansyonèl.
Yon ti lide sou premye tou l sou
wout la
Lansman an nan Las Vegas, mèkredi ki sot pase
a, make antre ofisyèl Zoox sou mache ameriken Wobotaksi yo. Pou kounye a, sèvis
la kouvri senk zòn estratejik: Resorts World, Luxor, New York-New York ak kèk
lòt kote emblematik. Vwayaj yo, sou anviwon 5 kilomèt maksimòm, fèt gratis pou
kounya. Yon estrateji ki vize pou abitye piblik la, rasanble fidbak eksperyans
epi bati konfyans alantou teknoloji sa a ki toujou fè pè.
Sekirite ak akseptasyon sosyal
Kondwi nan yon machin san kondiktè rete pou anpil moun yon sous panik. Zoox konnen sa. Wobotaksi yo gen anpil detektè, kamera tèmik ak sistèm redondan pou antisipe senaryo ekstrèm yo. « Nou pa t vle annik adapte yon machin ki egziste deja. Nou pran tan pou nou envesti nan yon bagay ki pi bon pase yon machin », se sa Jesse Levinson, kofondatè ak direktè teknoloji Zoox deklare.
Zoox nan yon kontèks kote konpetisyon an deja byen etabli. Waymo, filyal Alphabet, se yon pyonye ki fè plis pase 10 milyon trajè peye depi 2020 nan plizyè gwo vil ameriken. Tesla, nan lòt bò a, ap fè eksperyans yon sèvis wobotaksi ki sipèvize, nan Austin. Zoox li menm, distenge l avèk konsepsyon ki oze, epitou, li asire l machin lan ka otonòm depi A rive Z. Avèk Zoox, Amazon pa sèlman ap antre nan kous wobotaksi yo: li redefini règ jwèt la.
Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :
- Ale nan ribrik tchala egzamen ofisyèl yo la : https://www.haititchala.com/p/tchala-ns4.html la : https://www.haititchala.com/p/tchala-9eme.html epi la : https://www.haititchala.com/p/ti-sekre-ueh.html
- Ale nan ribrik sante a la : https://www.haititchala.com/search/label/Sant%C3%A9
- Ale nan ribrik seksyalite a la : https://www.haititchala.com/search/label/Sexualit%C3%A9
- Ale nan ribrik edikasyon an : https://www.haititchala.com/search/label/%C3%89ducation
- Ale nan ribrik istwa a la : https://www.haititchala.com/search/label/histoire%20et%20politique
- Découvrez la réalisation des chefs d'États à travers ce lien: Le Chef d'Etat en plusieurs points
Klike sou lyen sa a, si w vle pibliye sou haititchala.com : InfoPUBLICATION
Commentaires
Publier un commentaire