IJANS: Natacha pran nan yon gason ki te pase pwa san l pa konnen, enfòme w pou w pa pran nan mera !

IJANS: Natacha pran nan yon gason ki te pase pwa san l pa konnen, enfòme w pou w pa pran nan mera !

Mezanmi, depi sou tan Benbo zafè andirans se gwo koze !!! Yon bò anpil gason redwi kesyon sèks a kesyon penetrasyon. Yon lòt bò medam yo konn fè gason  wont lè yo fè bèk atè ouben bonjou pwèl.

Lè konsa anpil mesye lage nan sèvi ak plizyè pwodwi. Yo achte ti Towo ak magi, ti viagra,  ti stud, ti sòs pwa yo, mete la pou pare konba. Nan dènye jou yo la, nan zafè bann, se kesyon sòs pwa ki ranpòte lamayòl.

Poukisa ?

Alèkile sòs pwa koute mwens kòb pase stud ak viagra epi anpil lòt. Epi kòm li se yon pwodui ekstèn anpil moun panse li mwens danje pase kesyon Towo ak Magi.

Kisa ki sòs pwa a ?

Sòs pwa se yon melanj ki fèt ak yon pwodwi chinwa ke yo rele "piedra China" ki se yon grenn yo entèdi nan kèk peyi. Selon pwodiktè a, yo ajoute kafe, luil mineral epi ti pafen ouben alkòl.

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

Kisa ki sòs pwa a fè?

Sòs pwa fè yon efè anestezi nan tèt bwa a pou fè li ensansib , sansasyon gason an diminye, li diminye enfli nè ki pral nan bwa a, kidonk sansasyon an mwens, sa ki fèl pran mwens tan pou li voye.

Kouman yo itilize pwa a ?

Pou itilize pwa a, ou ka pase on ti kantite nan frenn bwa a, nan wondèl la ouben nan tèt la selon sa yo esplike nou. Annapre ou ka tann yon ven al trant minit anvan li fè efè (anvan li kwit). Gen plizyè varyant nan zafè pase pwa a. Gen moun ki fè konprann pwa bay pi bon randman lè li chofe. Gen moun menm ki fè konprann li pi bon toujou lè li fè graten. Li fè graten se lè li fè anpil anpil tan  ap kwit jis li fè kal. Lè yo fin pase l, li bon pou w lave bwa a epitou mete prezèvatif.

Ki danje li gen pou gason ?

Gen gason ki konn alèji a sibstans ki nan sòs pwa yo, e sa konn bay gratèl, gwo brile ouben gwo kranp. Li konn bay moun gwo pwoblèm kè. Li ka bloke kè moun lan. Gen k ap pran medikaman pou pwoblèm kè, pou tansyon, kap pran medikaman pou diminye asidite estoma tankou sil ap pran medikaman pou ilsè. Tèt bwa a konn irite. Li konn bay gason yo gwo pwoblèm depandans tou.

Ki danje li gen pou fi ?

Si medam yo fè ti bèf pou gason an ak tout pwa a, bouch yo konn tou anestezi. Gòj fè mal ak iritasyon nan gòj konn pran yo tou. Si mesye yo pa itilize prezèvatif, bouboun medam yo konn brile yo. Sa ka koze enfeksyon vajinal tou.

Kèk konsèy.

Nan zafè fè bagay, se pa kesyon andirans ak bann sèlman ki egziste. nou konseye anpil kominikasyon ant de patnè yo.

Yon ti kesyon.

Èske pase pwa a se yon bon bagay ?

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés 



Commentaires

Messages les plus consultés