Kritè kalifikasyon viza H-2A ak H-2B Etazini
Kritè kalifikasyon viza H-2A ak H-2B Etazini
Viza H-2A ak H-2B
pèmèt etranje yo ale travay legalman Ozetazini pou yon peryòd tan espesifik.
Men pwosesis la
Kritè kalifikasyon pou viza tip H-2A
- Anplwayè
Ameriken oswa ajan Ameriken ki vle benefisye pwogram H-2A dwe ranpli kondisyon regilasyon
espesifik, Yo dwe:
- ofri travay tanporè oswa sezonye;
- demontre pa gen ase travayè Ameriken ki kapab, vle, kalifye ak disponib pou fè travay tanporè sa a
- demontre travay travayè etranje a p ap gen move efè sou sale ak kondisyon travayè ameriken ki gen menm travay la.
- Soumèt yon sètifikasyon travay tanporè valid nan depatman travay Etazini ak petisyon H-2A a
Kritè kalifikasyon pou viza tip H-2B
Aplikan an dwe
montre :
- demontre pa gen ase travayè Ameriken ki kapab, vle, kalifye ak disponib pou fè travay tanporè sa a;
- demontre travay travayè etranje a p ap gen move efè sou sale ak kondisyon travayè ameriken ki gen menm travay la;
- bezwen li pou sèvis oswa mendèv travayè a tanporè.
- Konjwen yon
travayè H-2A ak H2-B ak pitit li ki selibatè anba 21 lane ka aplike pou klasifikasyon
H-4 non imigran. Sepandan
manm fanmi yo pa kalifye pou travay Ozetazini pandan yo gen estati H-4.
-Dire maksimòm klasifikasyon H-2A ak H-2B se twa lane. Apre 3
lane sa yo, travayè a dwe kite epi rete deyò Etazini pou yon peryòd twa mwa
anvan li re-aplike.
Klike la pou w jwenn
repons kesyon yo plis poze sou sijè sa a KesyonReponsVizaH2BH2A
Klike la pou w konn
sa viza H=2A ak H-2B a ye VizaH2AH2B
Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION
--

Commentaires
Publier un commentaire