Men repons kesyon yo plis poze sou viza H-2A ak H-2B
Men repons kesyon yo plis poze sou sijè sa a H-2A ak H-2B
A) Kouman pou m mande on viza H-2A ak H-2B
Ou dwe gen yon travay tanporè oswa sezonye ki soti nan
men on patwon ameriken
B) Lè m jwen djòb la kisa k pou fèt apre
Pou kòmanse pwosesis petisyon an, patwon an dwe:
- Li enstriksyon pou Fòm I-129 sa a Form I-129, Petition for a Nonimmigrant Worker.
- Ranpli epi siyen Fòm I-129 la ;
- Peye frè ranplisaj (yo), si sa aplikab; epi,
- Bay tout prèv ki nesesè yo ak dokiman sipò yo.
C)
E apre
aplikasyon sa fin ranpli
- Yon fwa nou resevwa Fòm I-129 ou a, n ap trete aplikasyon w lan epi w ap resevwa:
- Yon resi ki konfime nou te resevwa aplikasyon w lan
- Yon avi sèvis byometrik, si sa aplikab
- Yon avi desizyon.
Nòt: Apre yo fin
apwouve demann viza a, ou ka aplike pou yon viza H-2A, H-2B nan yon anbasad
oswa yon konsila Etazini. Pou plis enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon
viza ak frè pou bay, gade sou sitwèb Depatman Deta a.
Ki diferans ki gen ant viza H-2A, H-2B a
Yo ka
bay travayè agrikòl sezonye viza H-2A pou ranpli djòb agrikòl tanporè. Viza H-2B yo se travayè ki pa kalifye pou fè
yon travay tanporè oswa sezonye answa, men pou travay ki gen yon mank travayè
ameriken.

Commentaires
Publier un commentaire