Nap naje ant lavi ak lanmò
Nap naje ant lavi ak lanmò
Denye jou sa yo, nou tout ap
swiv kijan sitiyasyon peyi a ap vin pi grav chak jou.
Sa pa premye fwa nou ap viv moman difisil, men chak fwa li parèt pi grav. Chak
fwa se plis zòn ki pèdi, plis lavi ki disparèt, plis kri doulè k ap plen tout
kay.
Nan tan lontan, anpil moun te gade sikològ tankou
yon liks, yon bagay elit. Men jodi a, li vin pi nesesè pase tout tan. Ann
imajine yon jèn k ap panse ak lavni l, k ap reflechi sou ki jan l ka bati yon
fwaye, jwenn yon travay, reyalize rèv li. Men pami tout bagay sa yo, gen yon
eleman li pa ka kontwole: menas lanmò a.
Si
nan tan lontan nou te ka pè lougawou, pè batay ak moun, oswa pè vyole lalwa,
jodi a gen yon lènmi san figi: bal mawon.
Li simaye laperèz, li fè plizyè viktim, menm nan lekòl. Nou pwofite voye
senpati nou bay fanmi Massenat Lebelt, jèn gason sa ki pèdi lavi l pandan l t
ap swiv kou. Nou pa bezwen mete mo sou sa pou konprann gravite sitiyasyon an.
Men
gen yon lòt aspè moun pa twò pale de li: kòman sikoloji nou ka
eksplike kijan sèvo nou kontinye fonksyone malgre tout sa?
Chak swa, nou tande bri bal. Chak jou, nou wè lanmò anfas nou. Nou pa ka dòmi
byen. Epi, malgre sa, lè maten nou leve, nou ale travay, nou goumen ak lavi pou
reyalize rèv nou.
Ki jan sèvo nou jere tout
santiman sa yo nan mwens pase 24 èdtan, epi nou toujou kenbe espwa?
Wi, nou ka admèt ke pifò nan nou malad. Men, malgre tout bagay sa yo, nou pa
kanpe. Yon etidyan k ap prepare pou yon bous ka pase tout nwit la ap tande kout
zam, ka wè lanmò devan je l, epi le landemen, l ap konpoze nòmalman. Menm
machann manje yo, yo ka pase tout nuit lan ak kè sote, men le maten, yo
retounen al vann.
Eske se paske nou twò abitye ak
sa? Eske se yon fòm deni? Eske
se lafwa nou gen nan Bondye (pou sa ki relijye yo)? Eske se lwa nou yo ki
pwoteje nou (pou sa ki kwè nan Vodou)?
Nenpòt rezon an ye, sa mande refleksyon. Nou pa gen estatistik sou sa, men li
klè ke anpil lòt nasyon pa t ap ka sipòte nivo estrès ak neglijans otorite yo
mete sou do nou chak jou.
Nap swete tout moun kouraj. Pa kite Ayiti pran w pandan w ap dòmi.
Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :
- Ale nan ribrik tchala egzamen ofisyèl yo la : https://www.haititchala.com/p/tchala-ns4.html la : https://www.haititchala.com/p/tchala-9eme.html epi la : https://www.haititchala.com/p/ti-sekre-ueh.html
- Ale nan ribrik sante a la : https://www.haititchala.com/search/label/Sant%C3%A9
- Ale nan ribrik seksyalite a la : https://www.haititchala.com/search/label/Sexualit%C3%A9
- Ale nan ribrik edikasyon an : https://www.haititchala.com/search/label/%C3%89ducation
- Ale nan ribrik istwa a la : https://www.haititchala.com/search/label/histoire%20et%20politique
- Découvrez la réalisation des chefs d'États à travers ce lien: Le Chef d'Etat en plusieurs points
Klike sou lyen sa a, si w vle pibliye sou haititchala.com : InfoPUBLICATION
Commentaires
Publier un commentaire