En vedette

Yon Arestasyon, Plizyè Kestyon : Sou Eta Jidisyè Ayiti

Yon Arestasyon, Plizyè Kestyon : Sou Eta Jidisyè Ayiti a

Anpil Ayisyen pa kache satisfaksyon yo depi nouvèl arestasyon Reginald Boulos lan tonbe. Pou anpil ladan yo, mesye a ta fè pati moun ki mete peyi a ajenou, ki sipòte vyolans ak gang, ki anrichi tèt yo sou do soufrans pèp la. Sa kapab vre. Men èske nou ka pran distans ak emosyon nou, pou nou gade pi lwen pase sa yo montre nou?

Etazini toujou ap mennen batay kont moun li konsidere kòm menas pou estabilite rejyon an. Lè sa rive, li pa ezite mete presyon, arete, ou mennen moun nan tribinal pa li, tankou si se sèl li ki posede verite ak kapasite pou bay lajistis. Se konsa nou vin kwè ke nan peyi pa nou, se pa posib pou jistis fèt san entèvansyon blan.

Mwen pa konnen si sa soti nan enkapasite nou, oswa si se emosyon ki okipe plas refleksyon. Men, kite m mete sa klè : si tout sa yo repwoche Boulos la ta fonde sou verite, arestasyon li se pa yon viktwa pou pèp Ayisyen , se pito yon gwo souflèt sou figi sistèm jidisyè nou an.

Sistèm sa, depi lontan, fè pati mekanis ki proteje elit ekonomik, politik, ak sosyal peyi a, pandan l ap kontinye peze sou malere, mete nan prizon san jijman, e simen ensekirite legal sou majorite popilasyon an. Nou tande souvan pale de detansyon ki depase limit legal yo, sou moun ki pase plizyè ane anndan prizon san jijman, e ki finalman jwenn yo inosan. E malgre sa, aparèy jidisyè a pa janm reponn.

Kidonk, si arestasyon Boulos fèt pa Etazini, e se yo ki mennen batay la, sa dwe imilye nou kòm pèp. Paske nou montre, ankò yon fwa, ke se lòt nasyon ki pou lonje dwèt sou sa ki fè nou mal, pandan n ap viv ansanm ak yo chak jou, e nou pa janm ka mande kont.

Depi moun nan gen non, gwo pozisyon, oubyen lajan, sistèm lan pwoteje l. Lè blan ap aji, se la nou sonje nou gen dwa, ke prizon pa adapte, ke kondisyon yo pa bon, e nou menm vle jije blan an, olye jije enkonpetans nou.

Yo fin kondisyone nou pou n kwè tout solisyon dwe soti deyò. Nou rive kwè ke pou jistis fèt, fòk "blan pale". Se pwòp sistèm nou nou dekouraje, se pwòp souverènte nou nou trayi. E se konsa nou ap toujou tounen nan menm pwoblèm yo.

Si nou te yon pèp ki gen karaktè, si nou te vrèman konsyan, nou t ap itilize okazyon sa pou mete presyon sou tout aparèy jidisyè a : Minis Jistis, CSPJ, DCPJ… Nou t ap egzije respè, transparans, ak aksyon konkrè. Se pa selebrasyon nou t ap fè, men revolisyon moral ak legal nou t ap lanse.

Jodi a, tout kriz nou wè nan peyi a gen rasin yo nan sistèm jidisyè sa a ki vin tounen yon zouti dominasyon kont pèp la. Se li ki bay politisyen kowonpi yo kouvèti, li ki pwoteje oligak, li ki pèmet gang fleri. Arestasyon Boulos pa senbolize jistis, li mete aksan sou enkonpetans nou, sou konplisite nou, e sou jan nou lage tèt nou nan men lòt nasyon.

Se pa Boulos sèlman ki merite arestasyon. Se tout sistèm ki soutni l la ki ta dwe jije.


Bossé Clifford

Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :

Commentaires

Messages les plus consultés