Oslè
- Rafrechi memwa sou ti jwèt lakay 2: Oslè
Oslè se yon ti zo
ki nan Jenou kabrit : li pèmèt li mete ajenou .
Se ak 5 ti zo
konsa timoun jwe oslè . Chak oslè gen 4 fas : Do, Kre, I, S. Oslè a jwe ak
de moun . yon premye gen 5 oslè yo nan men li, li piye, li voye yo anlè epi yo
tonbe atè sou youn nan fas yo.
Premye
kondisyon: pou w ramase , ou dwe voye yon oslè anlè epi ramase yon lòt
atè a san sa w te voye anlè a pa tonbe atè. Depi oslè a tonbe atè , se tou pa
lot jwè a.
Dezyèm
kondisyon: gen kat tou(manch). Nan premye tou a, ou ramase yon grenn
oslè chak fwa . (4 fwa ,1 oslè). Nan dezyèm tou an, se 2 oslè chak fwa. Nan twazèm
lan , w ap ramase 3 oslè ansanm anvan epi 1 lòt aprè. Nan katriyèm lan , w ap
ramase tou lè 4 ansanm.
Twazyèm kondisyon: pou w ramase oslè yo fòk yo tout sou menm fas. Sinon ou dwe mete
yo so menm fas anvan ou ramase yo (voye youn anlè chak fwa w ap vire yon lòt).
Premye tou a sou do. Dezyèm tou sou kre. Twazyèm tou sou i. katriyèm tou a sou
S.
Moun ki genyen an se moun ki fini 4 tou yo anvan.
Se yon jwèt ou ka
fè plizyè estil avèl. Dèfwa ou ka rapwoche wòch yo anvan ou ramase yo. Ou
ka ajoute difikilte ladan l, ezanp ou ka mete yon men dèyè do w, ouben frape
men w anvan w ramase oslè yo . Se yon
jwèt li mande anpil ladrès .
Gucheres
Commentaires
Publier un commentaire