Will Smith souflete Chris Rock pou madanm Li
Will Smith souflete Chris Rock pou madanm Li
Atis,
Aktè, gen yon ansanm aktivite ke yo reyalize pou di yo mèsi pou travay yo, epi
ba yo pri lè yo byen jwe wòl yo nan fim yo. Ebyen nan jou ki te 27 mas la, Chris Rock ta p dirije
yon seremoni kote li te gen pou li remèt yon pri pou meyè dokimantè. Na p ranple w Chris Rock se yon
gwo aktè ameriken. Se li pwodwi Seri ''Everybody hates Chris la''.
Pandan seremoni
an, li fè yon blag sou madanm Will Smith. Li di konsa ‘’ Jada mwen renmen w, G.I
jane 2, mwen paka tan pou mwen wè li’’. Ebyen sa fè referans ak yon fim
kote tèt fi a ki se Demi Moore kale wòz. Blag sa pa fè Will Smith plezi, dayè
madanm li soufri alopesi. Ebyen an gwo Rambo, Will Smith monte sou sèn nan, li
souflete Chris Rock se komsi se yon bouldozè ki frape Chris. E Will Smith di l pou li pa site
non madanm li nan bouch li ankò.
Aprè tout
bagay, Will Smith mande eskiz, men kesyon k ap poze, jiskilè koup sa ap gen yon
ti repo, lè se pa dosye ak Alsina kap bay pwoblèm, se dosye Jada ki gen yon
apeti seksyèl anraje, lè se pa sa, se dosye fason koup la leve 2 timoun yo
genyen an.

Tet chJe mezanmi🤣🤣🤣
RépondreEffacer