Dosye kalezo ak Widiana, eske yo byen ankò?
Dosye kalezo ak Widiana, eske yo byen ankò? Anfèt jou sa yo, sou rezo sosyo yo , gen yon tole kap fèt , Widiana ta sanble pran Kalezo nan yon prank. Avan nou ale pi lwen, nap pwofite diw ke Widiana se ti dame ke kèk zanmi fi te deside lage fotol toutouni sou rezo yo. Aprè tole sa te fin fèt, Widiana te deside ale Sendomeng. Kalezo te nan yon sans tounen yon bon zanmi pou li , e menm gen nouvèl ki arive di ke yo te ansanm. Men sijè ki enterese nou an, se dosye prank lan. Anfèt prank se yon mo anglè ki komanse alamòd pandan peryòd Kowona viris la. Mo sa vle di nan yon lòt fason , ou pran yon moun sou kou. Anpil koup jwe jwèt sa pandan ke yo sipran patenè yo ak yon bagay ki grav men an reyalite se pa sa. Nan dosye Widiana a, Kalezo ta sanble komanse ostilite yo avan pandan li twonpe’l nan yn chanm otèl e li asire’l ke Widiana vin pantan sou li. Dabitid fi pa renmen kenbe kou pou gason, Ebyen Widiana, te deside pran jèn tibway sa nan menm dosye prank sa. Widiana fè yon j...