Nan batay jenerasyon kap monte an vle fè a, nou sipoze asire nou ke kondisyon sa yo reyini avan
Nan batay jenerasyon kap monte an vle fè a, nou sipoze asire nou ke kondisyon sa yo reyini avan 1- Li pa dwè yon batay ki chita selman sou baz jenarasyonel. Si non, depi nan kòmansman nap leze dwa yon gwoup moun. Rezon an senp (Nap jwenn jèn kou granmoun ki pa serye tou) 2- Asire nou ke chak grenn moun kap pran lapawòl nan non batay sa, se moun ki enspire konfyans e ki pa gen move renome pa rapò ak jan li konpòte’l nan sosyete a. 3- Nou dwè gen espri tolerans pou youn lòt. Nan yon peyi tankou AYITI nap jwenn de moun Ki nan groupman yo, Ki fini lekol klasik ak etid inivèsitè yo, ki pako konn kijan pou yo konpòte nan sosyete. Se youn nan rezon ki rann sosyete pa nou an difisil preske nan tout nivo. 4- Nou dwè toujou fè efò pou nou diskite nan respè youn pou lòt. Se pa ni chirepit ak pale anpil kap rezoud pwoblem yo. Pa esperyans mwen toujou tande pi gran yo konn di : <<Depi se kote nèg ak fanm ap pale anpil, se pa anyen serye kap regle>>. Clique sur ce lien ...