Messages

Affichage des messages du février, 2022

Steve J Bryan Sove lavi anpil moun ki te an depresyon

Image
  Steve J Bryan Sove lavi anpil moun ki te an depresyon Denye jou sa yo, peyi a konnen anpil moman twoub sou plan politik, ekonomi, sosyal. Men gen yon aspè nou souvan pa pran ankont. Nou souvan inyore pwop tèt nou, di kijan nou santi nou, pale de sa kap travèse nou ak kèk zanmi, fanmi. Kwake pa vrèman gen yon etid ki pwouve sa, men nap dakò anpil nan nou soufri depresyon. Depresyon sa sòti plizyè kote, gen moun se paske yo pap travay, oubyen yo pap touche ase byen, gen moun se paske yo gen pwoblèm familyal, e gen yon dividal rezon ki ka rann nou depresif, men nou souvan pè pale de sa, e souvan bagay sa konn abouti ak kèk konsekans ki pa bon ditou pou sante fizik, mantal e menm nan entèraksyon n ap genyen ak moun ki bò kote nou. Ebyen nan jou ki pase yo, nou te wè Steve J Bryan ki te kouche sou kabann lopital, e li ta p eksplike kijan li te an depresyon e kijan sa te aji sou li. Nan tèt tout moun, Steve se yon moun ki fò, e ki pa gen tip de pwoblèm sa yo. Men li deklare ke nan ...

Mikaben , Anie deba sèmen nan!!!

Image
  Mikaben , Anie deba sèmen nan!!! T ankou yon kòd ki kase, ke mwen pa t kalkile, yon zeklè k ap file, ki fè repitasyon m pran kou, mwen pata imajine, ke sa te ka rive, pou Mikaben trayi m konsa. Se konsa nou ka dekri relasyon ant Mikaben e Anie nan moman an sila. Nou tout konnen Mikaben te koupe fache ak Anie e li te menm rive marye e gen pitit. Anie bò pa l, te kontinye viv. Denye jou sa yo, bagay yo te komanse mangonmen pami 2 moun sa yo. Mechanste te menm wè Anie kap fè avòtman pou Atis Mikaben. Men dènye kou ki touye koukou a, Mikaben deklare se vire li ta p vire ak Anie. Lojikman yon nouvèl konsa mete tout jenès la sou 2 pit yo lol . Tout moun ap kòmante, sa ki bay Mikaben tò pou di, li pa gen dwa ap pale de yon fanm konsa, sa yo se pawòl denigreman, se mank respè pou fi elatriye. Yon lòt bò, gen moun ki di, Anie te komanse, li te deklare atis a se te zanmi l li te ye, pandan ke atis la te menm fè videyo pou deklare tout moun ke Anie se mennaj li. Kèk moun deklare kou po...