Santorini, Bikini, Toutouni, Analiz
Santorini, Bikini, Toutouni, Analiz Denye jou sa yo, “ challenge Santorini’’ atire atansyon tout moun sou rezo sosyo yo. Gen de moun li pote lajwa, satisfaksyon e menm esperans, se nan menm moman an tou, li pote fristrasyon, avèk lòt santiman ki nan menm kategori sa. Avan tout bagay, nap dakò, Santorini pa yon pwodwi Ayisyen, li sòti nan Antiy yo, epi li ateri isit pou pote lajwa nan kè kèk moun. Mizik santorini an, mande w pou w fè lajan, epi al nan vakans ak bikini epi lage l toutouni. Depi lè “challenge’’ sa kòmanse, gen kèk gwoup nan jenès maskilen an ki gen gwo lajwa nan kè yo, yo gen posibilite wè “crush’’ yo an bikini, bèl ti medam an bikini e anpil lòt vizaj ke yo pa t konnen an bikini. Dayè nan moman an, “shampoo’’ komanse diminye, e si sa ta rete konsa, endistri “shampoo’’ a pral gen pwoblèm pou li reponn ak demand nan. Ti Santorini gentan gen plis ke 13 milyon ''views'' e menm AURELIE, fè ti ''challenge'' pa l an bikini. Daprè kèk entèno...