Messages

Affichage des messages du mars, 2022

Will Smith souflete Chris Rock pou madanm Li

Image
  Will Smith souflete Chris Rock pou madanm Li Atis, Aktè, gen yon ansanm aktivite ke yo reyalize pou di yo mèsi pou travay yo, epi ba yo pri lè yo byen jwe wòl yo nan fim yo. Ebyen nan jou ki te 27 mas la, Chris Rock ta p dirije yon seremoni kote li te gen pou li remèt yon pri pou meyè dokimantè. Na p ranple w Chris Rock se yon gwo aktè ameriken. Se li pwodwi Seri ''Everybody hates Chris la''. Pandan seremoni an, li fè yon blag sou madanm Will Smith. Li di konsa ‘’ Jada mwen renmen w, G.I jane 2, mwen paka tan pou mwen wè li’’. Ebyen sa fè referans ak yon fim kote tèt fi a ki se Demi Moore  kale wòz. Blag sa pa fè Will Smith plezi, dayè madanm li soufri alopesi. Ebyen an gwo Rambo, Will Smith monte sou sèn nan, li souflete Chris Rock se komsi se yon bouldozè ki frape Chris. E Will Smith di l pou li pa site non madanm li nan bouch li ankò. Aprè tout bagay, Will Smith mande eskiz, men kesyon k ap poze, jiskilè koup sa ap gen yon ti repo, lè se pa dosye ak Alsina ka...

Manman, men kijan lavi m ap evolye nan Peyi a

Image
Manman, men kijan lavi m ap evolye nan Peyi a Depi  tou piti mwen jwenn mwen lekòl, yo te toujou fè m konnen "edikasyon se kle siksè" si w vle reyisi se pou w al lekòl, pran etid ou oserye . Sa vin fè m santi, si paran m te chwazi mete m lekòl, yon chans li menm li pat fin genyen nèt, se youn nan pi gwo kado li te ka banm. Tou senpleman li te vle m reyisi, tout sa l reyalize, li pase yo nan pran swen m ak edikasyon m. San l pa janm reflechi yon sekond. Mwen pa sonje ke m ko janm di l mèsi pou sa yo.  Sak do fè sa menm ? Jiska prezan mwen pa ko janm di manman m mèsi ? Mwen okipe. Alò sosyete a padone m. Mwen tèlman okipe nan fè lasosyete plezi, mwen fini pa bliye mizè manmi m ap pase nan fè tout kalite travay jis pou m te ka gen yon demen miyò. Men mwen prefere pase tan m ak zanmi m nan yon bann bagay ki pa janm itil mwen anyen. Pami yo, gen : 1- Mwen ap mennen yon vi modès sou rezo sosyo yo, enstagram, fesbouk, twidè, watsap, tiktòk.. M ap montre m janm se yon jenn gason ki f...

Shabba , Madanm li, Jeff, ann gade konfli an sou plizyè ang

Image
  Shabba , Madanm li, Jeff, ann gade konfli an sou plizyè ang Souvan zafè moun ki renmen toujou trete anba tab, e menm lè gen pwoblèm tou, yo jere l andedan, dayè se youn nan rezon ki fè yo toujou di “ rad sal lave an fanmi’’. Men denye jou sa yo avèk evolisyon rezo sosyo yo, nou jwen pwoblèm yo ‘’live’’. Nou komante e menm vle tounen jij kèk fwa. Ebyen jodia se tou pa Shabba pou li fè aktyalite. Se vre Shabba, se yon atis ki fè non l nan mond mizikal la. Li te pase nan djakout #1 antanke tanbourinè men tou antanke moun ki te konn chofe djaz la sitou lè kanaval. E n ap sonje tou bif ki te konn genyen ak T Vice e tout peripesi Shabba te konn pase. Djakout #1 kraze, Shabba lanse kèk lòt ti pwojè mizik ak lòt moun jiskaske li ateri ak EKIP. Ekip konnen anpil siksè e djaz la bay anpil espwa. Men pandan tout tan sa yo, fwaye Shabba tap pran gwo sekous, e menm Prepetit pa t ka prevwa gwo sekous sa yo. Madanm Shabba deside kite l e nap note ke moun sa yo te gentan gen 2 pitit ansanm...

HMUN: Haiti Model United Nations JEACHA 2022

Image
  HMUN: Haiti Model United Nations JEACHA 2022 Le Modèle de l’Organisation des Nations Unies est une simulation de l'Assemblée Générale des Nations Unies et d'autres organismes multilatéraux. Dans le cadre du HMUN-JEACHA, des étudiants vont se mettre dans la peau d'ambassadeurs des États membres de l'ONU pour débattre de questions d'actualité qui sont au programme de l'organisation. Lorsqu'ils jouent leur rôle d'ambassadeur, les étudiants « délégués » prononcent des discours, préparent des projets de résolutions, négocient avec des alliés et des adversaires, résolvent des conflits et s'adaptent  au règlement intérieur de la conférence du HMUN-JEACHA - tout cela aux fins de mobiliser la coopération internationale pour résoudre des problèmes qui touchent les pays du monde entier.   Pourquoi devrais-je participer à une simulation du Modèle de l’Organisation des Nations Unies ?  HMUN-JEACHA encourage les étudiants et les enseignants à s'intéresser au...