Zen kanis lan…
Zen kanis lan… Twal la toujou chaje ak zen chak jou, e HMI lan pa janm bouke inove zen yo pou plezi piblik la, e pou fè zòrèy nou plezi. Ebyen se semen sa nou gen Kanis, nou te konnen l sou non Niska, ak anpil lòt. Si Atis la nan mizik te konn ap di ou fè m fou, lap fèw bliye ke w te gen madanm, e li renmen nèg ki kwè nan tèt li, e nèg ap vle vle koupe krèm gato a , ebyen semen nan zen an kraze sa. E se nan sans sa nou ka afime ke atis la te jwen lucky man li a, e misye te mèt yon vagabon, l ap toujou man li. E tout bagay sa yo bannou sansayon ke atis la pa gen gwo dash, men li bouje l tik tak, pou misye ka sou sa, lap lage l nan SOS pou li bay sòs la. Clara Luce Lafond bannou yon bèl ide de dire womans lan. En resume Kanis fè 3 mwa ak nèg la , e sa pa sifi pou kalifye de eks, bon pati sa soulve gwo kesyon nan sosyete a, kilè w EKS, eske se lè yo te konn poste w, eske se lè ‘’ la baise était bonne, eske se lè ou te konn bay kòb , anfèt depi pòs enstagram sa, pou w defini siw ...