Messages

Affichage des messages du octobre, 2021

Sak te vrèman pase jou 4 oktòb la nan dosye Fesbouk la

Image
  Sak te vrèman pase jou 4 oktòb la nan dosye Fesbouk la Jou ki te 4 oktòb la, fesbouk ak kèk lòt reso sosyo te tonbe. Kèk nan nou akize Digicel ak Natcom, kèk nan nou limen telefòn epi etenn, kèk nan nou menm panse se te pwoblèm ki gen awè ak bagay mistik. Men Fesbouk non sèlman mande eskiz pase li admèt koman sa te afekete biznis ak patikilye epi li di sak te pase reyèlman. Ebyen jou sa, gen yon enjenyè nan Fesbouk, pandan mentenans ap fèt, li fè yon kòmand e kòmand sa de fason non entansyonèl kraze tout koneksyon ki nan manman sistèm nan e ki dekonekte done fesbouk yo de tout mond lan. Fesbouk rasire yon lòt bò ke pandan moman sa , siw te gen yon piblisite ki tap pase sou Fesbouk, yo pap fèw peye, epi nan jou ki te 8 oktòb 2021 an, te gen yon ti pwoblèm ki te poze sou menm pwoblèm sa, te gen kèk moun ki te gen pwoblèm pou yo gen aksè ak kèk aplikasyon ke Fesbouk anglobe, e Fesbouk te remake sa, e yo rezoud li byen rapid. E nan optik sa Fesbouk ap etidye koman ensidan sa te...

Le journal intime d'un étudiant kidnappé

Image
  Le journal intime d’un étudiant kidnappé Anfèt, atik sa te sipoze ekri nan lang fransè, men, le w strese, yo kidnape w, pa gen okenn mwayen pou mo voltè ak Wouso te pran tan yo envante a, monte dwat nan tèt ou. Bon kidnapin nan se yn zak ke bandi komèt pou nwi kretyen vivan. Etidyan, komèsan, timoun pase nan woulo a. Tande istwa m nan… Jou sa yo, ou tèlman tande kidnapin nan tèt ou, alafen ou di, tou pam nan deyè. Se yon men sòl, sof ke ou pa konn kilè wap touche. Mwen te toujou panse ke God la ak lespri yo tap pwoteje m, jiskaske yon machin ateri sou mwen epi yo fè m monte. Nan moman an ke w ap bat, ou santi w ta kouri, kriye, batay, men w tande nenpòt fo pa wap mouri. Antanke etidyan wap fè tèt ou travay. Ah monchè, map rele anwey, nèg yo paka tirem nan mitan lari a, pandan ke tout moun sa yo la. Men nan menm moman an wap sonje ke doktè mouri gran lajounen la nan aveni Kristòf, nèg yo menm touye ti bebe. Aprè refleksyon sa, lojikman , ou oblije monte machin nan san plenyen ...