Lekòl pwofesyonèl nan peyi a, nesesite pou yon inovasyon
Lekòl pwofesyonèl nan peyi a, nesesite pou yon inovasyon Lekòl pwofesyonèl nan peyi a, anpil ladan yo bezwen gwo pase men. Yo dwe repanse politik administrativ yo, konsa tou fòk yo revize tip ak kalite pwofesyon y ap ofri. Atik sa pa gen objektif pou li long, oubyen pou dekouraje w li l. Atik sa ekri paske mwen santi ke mwen sipoze atire nou si sijè sa ki a la fwa enpotan e ki gen gwo enpak sou avni peyi a. Lekòl pwofesyonèl kou kèk inivèsite arive twonpe vijilans anpil moun nan sosyete a, san nou p ap retire okenn nan merit yo genyen pou kalite travay kèk nan yo souvan rive ofri sosyete a epi ki itil kèk jèn nan plizyè domèn. Malerezman tout pa fonksyone avèk menm objektif, genyen ki gen karaktè biznis oubyen estil raketè. Kòman w konprann yon seri lekòl pwofesyonèl pa janm milite ou siyen kèk patenaria oubyen okenn akò avèk Leta Ayisyen dekwa pou jenn diplome yo kapab travay depi yo gen konpetans, dayè yo deja kalifye swit apre fòmasyon yo, pou plis respekte nan sos...