Zak vyòl a repetisyon sou kanpis UCNH : etidyan yo ap mande sekou pandan dirijan yo pa di anyen!



Zak vyòl a repetisyon sou kanpis UCNH : etidyan yo ap mande sekou.

Depi rantre lekòl nan mwa Out la, plizyè etidyan Inivèsite kretyen nan Nò Ayiti (UCNH) ap viktim. Selon plizyè temwanyaj nou resevwa, responsab Inivèsite yo pa inosan e yo ta menm responsab.

Tan lekti: 3mn 


Zak yo. 

- Depi anviwon twa mwa, plizyè etidyan UCNH ap viktim vòl. Selon sous yo, detanzantan yo vòlè yo efè pèsonèl tankou liv, laptops, telefòn elatriye.

- Nan mwa septanm ki pase a, yo resanse omwen de ka vyòl. Youn nan viktim yo se yon ansyen etidyan ki jodi a se yon pwofesè nan UCNH. 

- Nan aswè Vandredi, 23 Oktòb, 2020 menm pwofesè a sibi yon yon tantativ asasina. Nan espas inivèsite a, pandan li t ap tann mennaj li ki tap pake machin li, li resevwa plizyè kout manchèt nan  ponyèt ak janm. Selon pwòch li ki te temwanye, li rekonèt vwa moun ki atake l yo se sila yo menm ki te vyole li yo. Gras a entèvansyon temwen yo ki te kouri ale lopital ak li, li pa mouri. 

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

Kisa ki okazyone zak sa yo

Selon detay nou resevwa, zak sa yo vin parèt apre yo ekip desizyon responsab yo, an patikilye rektè a pou fè preske tout kou inivèsite anliy, sa ki ap redwi aktivite nan zòn lan ki depann prèske de inivèsite a sèlman.  

Viktim yo nan mitan moun ki ap viv nan dòtwa yo nan inivèsite a. Selon yon sous, pa gen ase nòm sekirite ki  respekte. Etablisman an nan yo gwo lakou, se yon pati ki klotire sèlman, lakou a pa limen, sa ki fè li pi fasil pou bandi yo aji. Pi mal toujou, inivèsite a pa gen yon sèvis sekirite oswa yon kamera siveyans. 

Ki Konsekans ? 

Kòm rezilta nan sitiyasyon sa a, plizyè elèv yo dezète dòtwa inivèsite yo, kèk jwenn lakay kamarad yo. Gen lòt ki di yo nan gwo difikilte, yo pa konnen ki kote yo ale, epi gen lòt ki konsidere abandone etid yo pou retounen nan vil yo.

Kisa responsab yo di nan sa?

Pandan gen kèk sous pale de yon ensekirite pwograme pa manm nan administrasyon an nan UCNH a, nou pa rive kontakte reponsab yo.

Plizyè etidyan ta fè konnen, pandan tout bagay sa yo ap pase nan enstitisyon an, otorite inivèsite yo toujou mande viktim yo pou fè silans sou sitiyasyon sa a pou yo pa gate repitasyon UCNH la.

Etidyan yo ap mande sekou.

Etidyan yo bouke fè silans, yo bouke ak  konpotman iresponsab epi imoral bò kote administrasyon inivèsite a. Yo vle fè tande vwa yo toupatou pou sitiyasyon sa kaba. Yo deja antame kèk demach kote otorite lokal yo, men yo kase fèy kouvri sa. Jounen jodi a yo mande èd nan men òganizasyon dwa moun yo, sitou òganizasyon feminis yo, pou sipòte jèn viktim vyòl sa yo pou jwenn jistis.


Articles recommendés : 

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés 

Commentaires

Publier un commentaire

Messages les plus consultés de ce blogue

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Tchala examens de 9e année 2023

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)