Nan batay jenerasyon kap monte an vle fè a, nou sipoze asire nou ke kondisyon sa yo reyini avan

 

Nan batay jenerasyon kap monte an vle fè a, nou sipoze asire nou ke kondisyon sa yo reyini avan 

1- Li pa dwè yon batay ki chita selman sou baz jenarasyonel. Si non, depi nan kòmansman nap leze dwa yon gwoup moun. Rezon an senp (Nap jwenn jèn kou granmoun ki pa serye tou)

2- Asire nou ke chak grenn moun kap pran lapawòl nan non batay sa, se moun ki enspire konfyans e ki pa gen move renome pa rapò ak jan li konpòte’l nan sosyete a.

3- Nou dwè gen espri tolerans pou youn lòt. Nan yon peyi tankou AYITI nap jwenn de moun Ki nan groupman yo, Ki fini lekol klasik ak etid inivèsitè yo, ki pako konn kijan pou yo konpòte nan sosyete. Se youn nan rezon ki rann sosyete pa nou an difisil preske nan tout nivo.

4- Nou dwè toujou fè efò pou nou  diskite nan respè youn pou lòt. Se pa ni chirepit ak pale anpil kap rezoud pwoblem yo. Pa esperyans mwen toujou tande pi gran yo konn di : <<Depi se kote nèg ak fanm ap pale anpil, se pa anyen serye kap regle>>.

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

5- Nou dwè fè prèv ke nou disipline. Nap dakò ak mwen depi  o depa si pa gen lòd ak disiplinn nan mitan nou, batay la deja pa gen rezon poul fèt. Depi lòd ak disiplinn pa nan mitan nou, se deja wout anachi a nap kontinye fè.

7- Kòmanse kreye de selil nan mitan nou poun travay e elabore yon bon pwojè sosyete ki rasanble tout kouch sosyal nan sosyete a pandan nap pran ankont reyalite chak group yo (fini ak kesyon se group pam lan ki pou la, group sa pa ladann).

8- Komanse fè bilan nou sou relasyon diplomatik Ayiti genyen yo, pandan nap idantifye sa ki bon Ki merite ranfòse e ekate sak pa nan enterè nasyon an. Sa vle di panse sou yon lòt oryantasyon diplomatik pou Peyi a.

9- Komanse ankouraje moun ki gen konpetans ak volonte pou aji nan enterè peyi a. Nou sipoze koupe fache ak medyokrite, Nou dwè fè chwa moun ki gen konesans ak kapasite pou mennen peyi a sou wout devlopman.

10- Nou dwe asire nou lajitis pa nan pas pouki ak pyes moun. kelkeswa sa li ye e reprezante nan sosyete a.

11- Bay yon lòt oryantasyon ak sistèm edikasyon nou an.

12- Nou chak dwè pran konsyans epi mete akote enterè mesken nou. Retire nan lespri nou ke Ayiti se yon tè tranzit li ye pou nou.

12 ti pawol selman pou nou evite reviv yon 12 janvye 2010 nan enkonpreyansyon nou an plen 2020.

Articles recommendés : 

 La police veut la mort des étudiants de l'UEH: Du 2 au 9 octobre, bilan d'une semaine noire!!!

Louis Jonathan
509 3128-3873 
louisjonathan89@gmail.com


Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés 

Commentaires

Messages les plus consultés de ce blogue

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Tchala examens de 9e année 2023

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)