7 bagay estipid mwen te konn kwè lè m te piti. ( yo te estipid toutbon ! )
7 bagy estipid kèk moun te konn kwè lè yo te piti. ( yo te estipid toutbon ! )
Ou pare pou w wont tèt ou? Lol. Ou pa bezwen wont. Nou tout te konn kwè kèk na sa yo tou lè nou te piti. Men 7 bagay mwen te konn kwè.
1, Mwen te konn panse lalin lan suiv mwen lè m ap mache!

2. Mwen te kwè je m ap rete twèttwèt si m rete konsa lontan.
3. Mwen te kwè si mwen manje yon grenn melon, yon pye melon ap grandi nan vant mwen.

4. Mwen te konn panse tout chen se mal epi tout chat se femèl.
5. Mwen te konn panse pou yo fè yon fim, se suiv yo te konn swiv aktè yo tout kote yo pase
6. Mwen te konn kwè si m lonje dwèt sou lakansyèl dwèt mwen ap gen on gwo twou.
7. Jou m aprann Ayiti se yon zile a, m panse l te konn flote.

Si imaj sa yo te fè ou sonje dantanw, pataje l ak on zanmi, epi komante yon bagay ou te konn fè tou !
Articles recommendés : 7 bagay nou tout te konn fè lekòl ( San pwofesè a pa wè)
7 bagay nou tout te konn fè lakay nou ( Gen youn k ap fè w souri anpil)
Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION
--



Mw te konn panse lalin nan swiv mw lè m ap mache! Mw te kwè jem ap rete twèttwèt.... Loolll
RépondreEffacerMwen te konn panse lalin lan suiv mwen lè m'ap mache
RépondreEffacerM te panse lè medam yo ansent se manje yo manje Twòp
RépondreEffacer