Ti pyè ak ti mari kap fe tripotay sou ane ki pase a


Ti pyè ak ti mari kap fe tripotay sou ane ki pase a

Ti pyè : Mari,  sò m, hum, nou chape vre anba ane dyab sa.

Ti mari : ah ane te dyab vre. Depi nan komansman an pitit, Donald Trump sizaye yon jeneral, ah li bonbade misye, menm vyan misye yo pa jwen pou anterèl…

Ti pyè : saw di m la , m pat konn sa non. M panse se de dosye Kobe Bryant la  ou ta pral pale oui, ah misye mouri ak pitit li plis kèk lot moun paske pilòt la pa konn kondwi.

Ti mari : depi w wè sa bò katedral li te al aprann, epi wap di sa la Jovenel frape palemantè yo fò tou oui pou komansman ane a.

Ti pyè : manti, pa banm

Ti mari : oh oui, se jan m diw la,misye pa domi pou li wè paleman an ki kadik, zokiki voye pye, Youri voye ze leyogan yo deyè Jomo, ah Jomo kanpe rèd.

Ti pyè : anwey m sonje bagay sa, lè sa zokiki te al fe bri nan palman sou pitit Renol Jòj la, lè sa li di Ey Ey Ey

Ti mari : ah bagay la te rèd, an fevriye, kowona frape mond la du du, bagay sa telman touye moun nan mond lan, m poko janm sezi konsa.

Ti pyè : jiskaprezan maladi sa la, m sonje nan mwa mas, Jovenel annik fenmen peyi a blip Roody Rood Boy gen kowona.

Ti Mari : mantò oui, ey pitit, Roody se buzz li li tap jere, janm konn atis sa manje anpil, li di se ti pen ak ti te yo ba li, ey je nèg sa sèch papa. Rutschelle te gen rezon

Ti pyè : ey palan de Rutshelle sa, li make ane a plis ke trump, ti dam sa pran tap nan men ti mesye Mateli yo, e li fiyanse, kite , refiyanse, kite ah

Ti Mari : moun sa yo pa enteresem mwen, mwen se bagay Australie a ki te fèm mal, dife pran bèt mouri epi menm gen yon santral niklè ki eklate nan yon lot zòn, Liban, m kwè.

Ti pyè : bagay la te rèd vre oui, ou bliye polisye meriken ki te depoze pyel sou kou Flyod la. Pitit m sezi, mesye a rele li paka respire, o o se atò mesye a peze jenoul pifò. Flyod mouri epi mouvman Blackmatter a tou pran chè

Ti Mari ; epi tout bagay sa yo se pandan kowona a oui, Jezi genlè te bliye nou ti pyè. Se sèl Jouthe ki te kon isit pat gen Kowona vre. Misye di yo te panse yo ta pral deplimen nou, ebyen nou la nan boul figi yo

Ti pyè : mantò , apa babekyou ap fè babekyou delma yo pa janm dil anyen, nèg yo leve kidnaping nan peyi a ankò. Yo kidnape yon nèg bò lakay la, bandi a moun lakay li ke yo pa gen anpil plas , vinn deyèl rapid

Ti mari : o o li pat ka fè tankou Mariza, bay bandi yo plezi…

Ti pyè : ti mari yo diw kenbe Dyòl ou. Bouch ou gwo menm jan ak Tony mix ki pa nan dosye an bourik tou ranni an anko, kounyea se an chamo tou dubai. An pasan piti a fè kòb ui

Ti mari: pa pase ti mesye enposib yo, nèg sa yo soti yon album pitit se fann yo fann moun, gouyad sou gouyad , nèg pèdi madanm yo ak dosye kamasootra sa.

Ti pyè : ah yo pa fè hit pase Fernando, misye ravaje entènèt la. Kounyea li bay tele, fè pou pase, te menm gen yon etidyan CEDI ki genyen yon tele.

Ti Mari : Fernando, se pa ti bway kap viv lakay Trump lan.

Ti pyè : ui

Ti mari : bon apa li pa di anyen pou Trump, ey mezanmi, Trump pèdi eleksyon an. Biden pran l nan men l an bourik tou ranni, Trump sezi

Ti pyè : menm Jomo sezi, Jomo tap pran yon pakèt dekrè la pitit, Trump annik bloke pou tout bon Jomo bay vag. Jomo soti dekrè kou pate cho

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

Ti Mari: Jomo pa fouti cho tankou Darline Desca, li kite stad Gatorade la, kounyea se ti pwent tete ki parèt nan chemizèt, se ti foto  en lingerie sou twitter, o o se gwo koze oui

Ti pyè : erezman Dadou pa la pou li wè sa.

Ti mari : o o sak pase,

Ti pyè : ou pa konn zen sa, te kwè Molina lage 2 gidon nan dada misye, misye genlè kouche kèk minè nan foubòl la, menm fifa lage deyèl.

Ti Mari: antuka misye nan mawon menm jan ak Valverde

Ti pyè : ki Valverde sa souple

Ti mari: ou bliye antrenè Baselon ki pran 8 a 2 nan men bayern nan , ey pitit ou pa mande , se mwen kap di ‘w Messi pa domi, Cr7 kontan an epi Lewandoski kontan , li pran anpil tit

Ti pyè : mwen se pa sa ki enteresem, se dosye andre Michel la, ah jomo bay misye anpil chaplèt

Ti mari ; e nèg kouran an

Ti pyè: Jomo lage misye nan mawon, misye ateri Etazini, yo aretel’ yo lagel ah bagay la myèl pou li.

Ti Mari: ah pito yo te fè sa pou batonye a tou, nèg yo gaspiye miche anba bal, yo sakaje ti piti ens la konsa tou

Ti pyè : san koule vre, men tou Boulos byen pase, li ouvri yon lot delimart tijo

Ti mari : ah ou nan boulos oumenm, mwen se avyon ki kraze ak 176 moun ki ki touchem

Ti pyè : sa tris vre oui, men pa bliye Prince Harry ak Meghan mawon yo lage ko yo lot kote pandan menm moman an Angletè kite Inyon ewopen.

Ti Mari : ah ane a fè anpil san an

Ti pyè : map vini kk kenbe ‘m chofè kanpe

Ti mari: manti oui, nan bagay ti mesye oasis yo ou bezwen ale

Ti pyè : ki bagay ti mesye Oasis sa

Ti mari : o o tony mix mennen kek dyapora Oasis, mesye yo ravaje madanm nèg. Se sou entènèt nèg ap we madanm yo nan voksal oasis

Ti pyè : anwey jenès maskilen an pran kou tout jan, lè se pa sugar daddy kap pran madanm yo, lè se pa papa , se dyaspora

Ti Mari : m konnen w . wa al ouvè bouch ou di se mwen ki diw sa, ma tou di se ou ki dim Jomo se espre li fè , li desann dola meriken an

Ti pyè : tanw nan dyèz, alewè ou konn dosye eveline nan byen ou pa vle dim li

Ti Mari : te kwè mwen diw déjà, nèg se bibil yo finn fè sou ti eveline epi yo ba li bwè pwazon rat

Ti pyè : mezanmi oo, moun isit , humm, Moise Jean Charles map plage nan dejwen yo.

Ti mari : se zen sivouplè… , ti Mòy pa zanmi Yanick?

Ti pyè : se vre, kote nèg fantom yo, yo genlè rantre yo kou fo kòb menm jan ak album Fantom nan?

Ti mari: sam konn, sel Leon Charles ki ka baw repons, dayè misye komanse fè nèg gran ravin, nèg ki gen ti bwa yo poze

Ti pyè: nèg yo se layv yap fè, se sèl lè Maradona mouri a yo bay yon souf, yo panse Messi pral chanpyon ebaw

Ti mari: antouka kitem nan ti layv mwen, ane pifò nèg fè kòb nan layv, ... anwey m manke bliye BC kraze

Ti pyè : mwen ale papa, rès la pou bal.... 

 

 Otè ...

 

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés 

                                                                                                                       

Commentaires

Messages les plus consultés de ce blogue

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)

Tchala examens de 9e année 2023

Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)