Messages

Thoy’Art ak Negès Da, analiz jiridik e sosyolojik sou sitiyasyon an...

Image
  Thoy’Art ak Negès Da, analiz jiridik e sosyolojik sou sitiyasyon an Chak sosyete gen kilti pa l, e chak sosyete gen yon ansanm kwayans e Pratik ki pwòp a li menm. Sa fè depi kèk tan, Thoy’Art ak Negès Da ap anflame fesbouk ak kèk lòt rezo sosyo. Nou tap pwofite tande bèl ti vwa sa, kap chante, kap montre tout moun bote kilti kreyòl la, e menm jenere espwa lakay kèk moun ki te bezwen enspirasyon ak lòt ankò. Men tou, kèk moun te pwofite di Thoy’Art mèsi pou talan sa l ap ede nou dekouvri, e pou jan li trete Negès Da tou, men yon lòt bò gen moun ki t ap di tou Thoy’Art se pwofite l ap pwofite de talan timoun nan, de vwa l ak lòt ankò. Men sa fè kèk jou ke nou aprann lanmò souden Negès Da. Nouvèl sa mete dlo nan je kèk moun, e sisite tou kolè lakay kèk lòt moun. Si entènot yo ka santi yo ranpli ak tristè pou Da ki ale, manman l ak fanmi l plis pataje kolè. Yo menm akize Thoy’Art kòm kwa li gen yon bagay pou li wè ak lanmò ti lèzanj lan. Kounyea sou plan jiridik, byen ke manman...

Kwense moun mete moun

Image
  Kwense moun mete moun Kwense moun mete moun se yon slogan denye jou sa yo ki an vòg, Dj, jenès la, e kèk granmoun ap repete l. Ebyen si nou deside fè yon ti panche sou sijè sa, nou ka wè anpil bagay. Dabò, kwense moun mete moun pa yon bagay ki nouvo sou solèy la. Se vre, mo kwense a ki adapte nan konteks sa ka nouvo, men aksyon an nan li menm, pa nouvo. Dayè menm wa David te konn ap kwense moun mete moun e li menm rive voye ti bway Iri a mouri a pou li te ka kwense madanm li pami tout rès fanm li yo. Denye jou sa yo, Tony mix mete slogan sa an vòg e pèmèt nou wè koman sosyete a, ap fonksyone. Yon bò, gen moun ki dakò sou fè ke, bagay kwense moun mete moun sa, se dosye enfidelite. Selon règ moral yo, ou pa sipoze gen plis ke yon patnè, men dosye kwense moun mete moun nan di depi w ka chikin pou yon lòt rantre se fèl. Nou nan yon gwo kamyonèt e chofè a, ap pran moun sou wout la, kwense kò w pou lòt rantre. Yon lòt bò, dyaspora yo gen gwo repitasyon komkwa yo se moun ki fè akt...

Santorini, Bikini, Toutouni, Analiz

Image
  Santorini, Bikini, Toutouni, Analiz Denye jou sa yo, “ challenge Santorini’’ atire atansyon tout moun sou rezo sosyo yo. Gen de moun li pote lajwa, satisfaksyon e menm esperans, se nan menm moman an tou, li pote fristrasyon, avèk lòt santiman ki nan menm kategori sa. Avan tout bagay, nap dakò, Santorini pa yon pwodwi Ayisyen, li sòti nan Antiy yo, epi li ateri isit pou pote lajwa nan kè kèk moun. Mizik santorini an, mande w pou w fè lajan, epi al nan vakans ak bikini epi lage l toutouni. Depi lè “challenge’’ sa kòmanse, gen kèk gwoup nan jenès maskilen an ki gen gwo lajwa nan kè yo, yo gen posibilite wè “crush’’ yo an bikini, bèl ti medam an bikini e anpil lòt vizaj ke yo pa t konnen an bikini. Dayè nan moman an, “shampoo’’ komanse diminye, e si sa ta rete konsa, endistri “shampoo’’ a pral gen pwoblèm pou li reponn ak demand nan. Ti Santorini gentan gen plis ke 13 milyon ''views'' e menm AURELIE, fè ti ''challenge'' pa l an bikini. Daprè kèk entèno...

Sak te vrèman pase jou 4 oktòb la nan dosye Fesbouk la

Image
  Sak te vrèman pase jou 4 oktòb la nan dosye Fesbouk la Jou ki te 4 oktòb la, fesbouk ak kèk lòt reso sosyo te tonbe. Kèk nan nou akize Digicel ak Natcom, kèk nan nou limen telefòn epi etenn, kèk nan nou menm panse se te pwoblèm ki gen awè ak bagay mistik. Men Fesbouk non sèlman mande eskiz pase li admèt koman sa te afekete biznis ak patikilye epi li di sak te pase reyèlman. Ebyen jou sa, gen yon enjenyè nan Fesbouk, pandan mentenans ap fèt, li fè yon kòmand e kòmand sa de fason non entansyonèl kraze tout koneksyon ki nan manman sistèm nan e ki dekonekte done fesbouk yo de tout mond lan. Fesbouk rasire yon lòt bò ke pandan moman sa , siw te gen yon piblisite ki tap pase sou Fesbouk, yo pap fèw peye, epi nan jou ki te 8 oktòb 2021 an, te gen yon ti pwoblèm ki te poze sou menm pwoblèm sa, te gen kèk moun ki te gen pwoblèm pou yo gen aksè ak kèk aplikasyon ke Fesbouk anglobe, e Fesbouk te remake sa, e yo rezoud li byen rapid. E nan optik sa Fesbouk ap etidye koman ensidan sa te...

Le journal intime d'un étudiant kidnappé

Image
  Le journal intime d’un étudiant kidnappé Anfèt, atik sa te sipoze ekri nan lang fransè, men, le w strese, yo kidnape w, pa gen okenn mwayen pou mo voltè ak Wouso te pran tan yo envante a, monte dwat nan tèt ou. Bon kidnapin nan se yn zak ke bandi komèt pou nwi kretyen vivan. Etidyan, komèsan, timoun pase nan woulo a. Tande istwa m nan… Jou sa yo, ou tèlman tande kidnapin nan tèt ou, alafen ou di, tou pam nan deyè. Se yon men sòl, sof ke ou pa konn kilè wap touche. Mwen te toujou panse ke God la ak lespri yo tap pwoteje m, jiskaske yon machin ateri sou mwen epi yo fè m monte. Nan moman an ke w ap bat, ou santi w ta kouri, kriye, batay, men w tande nenpòt fo pa wap mouri. Antanke etidyan wap fè tèt ou travay. Ah monchè, map rele anwey, nèg yo paka tirem nan mitan lari a, pandan ke tout moun sa yo la. Men nan menm moman an wap sonje ke doktè mouri gran lajounen la nan aveni Kristòf, nèg yo menm touye ti bebe. Aprè refleksyon sa, lojikman , ou oblije monte machin nan san plenyen ...

Un voile guidé par la vague

Image
 Un voile guidé par la vague Il est de constat irréfutable que la politique est le socle de toute société humaine. C’est bien l’agent qui définit la cohésion sociale. De façon aisée, la politique est en principe ce qui intéresse la cité, elle se réfère au côté pratique de l’exercice du pouvoir et traduit l’organisation de la cité ou d’un Etat. Cette science mérite une apologie telle qu’aucun être vivant n’a le droit de manifester une attitude d’oubli et d’un sentiment l’altruisme puisqu’elle est l’instrument qui assure l’équilibre dans une société. À qui confier l’exercice de cet instrument ? La politique en tant que science a été toujours l’objet d’un domaine axé essentiellement sur l’expérience et l’observation en se référant sur le mode d’organisation de la Grèce antique, la prééminence était accordée à la communauté plutôt qu’à l’individu et de là étant les grands courants de la pensée politique et la notion de citoyenneté commencèrent à naître.  Athènes, cité phare de la ...

Tout sa w dwe konnen sou nouvo Tenis Naomi Osaka a

Image
Tout sa w dwe konnen sou nouvo Tenis Naomi Osaka a Tenis Nike Air Zoom GP Turbo Naomi Osaka a pou US Open 2021 an se yon selebrasyon rasin miltikiltirèl li yo. Tenis edisyon limite sa a fè referans  ak lavi Naomi ak lavi li: soti nan inisyal non li sou lang ak talon tenis lan rive sou drapo Japon ak Ayiti ki nan tenis lan pou referanse eritaj li. Akwonim "NY" la menm reprezante US Open, kote l pral defann tit li. Dizay po tenis lan tankou yon Jeans epi li gen ti chema koulè jòn ak koray. Nan devan lasèt la gen yon ti chenn an lò. Naomi ap mete tenis sa yon rad  jòn klere Nike.  Lòt tenis Nike medam yo pou US Open lan,  se on seri modèl blan ak dizay jòn, ble ak vèt. Télécharger gratuitement ce guide du postulant en écrivant ce numéro par whatsapp: +509 41361504 Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com :  InfoPUBLICATION --  VWA TOUT MOUN KONTE ! Restons connectés  Facebook   Twitter   Instagram